Men dezyèm pati videyo Doktè Pyè-Lwi a. Tankou m te di nou, youn nan rezon ki fè m tran¬skri pawòl sa yo sou epidemi kolera a, se kesyon kreyòl pa ta ka sèvi pou pote langaj teknik …

“…/…E otomatikman ou pran premye dòz tretman an, pwosesis la, sa vle di, fòs mi¬kwòb la kò¬man¬se kraze, ou ap gen dyare a de mwenzanmwen, epi, tankou minis la te di, apre dezè, twazè d tan ou anfòm.
Donk pi enpòtan la a konnye a, se fè mwayen prevansyon yo pou nou kapab limite lè dega. Li¬mi¬te l non sèlman pou tèt ou ki ap malad la men pou pwoteje lòt moun ki a kote ou, lòt moun k ap viv nan anviwonnman ansanm avè ou. E nou te liste on ansanm de prekosyon ke on moun dwe pran lè… anfèt nan vi l an jeneral, se pa sèlman lè l malad, ni sèlman lè l nan ka epidemi, e m ap redi sa, nan tout ka epidemi an jeneral, se mezi d ijyèn. Men mezi d ijyèn lan dwe rete on eleman enpòtan nan vi nou, on reflèks ke n ap fè chak jou. Donk, ki sa l ye, se asire nou ke dlo n ap bwè e pi patikilyèman nan moman sa a nan moman epidemi pwoblèm kolera ke nou genyen an pou n bwè dlo ki trete. E lè n di dlo ki trete, nou t ap ensiste sou dlo ki trete avèk klowòks, avèk klòr—m pa vle fè piblisite, men m konnen popilasyon an gen yon pwodui ke li konn abitye itilize pou l mete nan dlo. Li kapab se yon tablèt, paske gen enstitisyon, òganizasyon ki travay nan sektè sa yo, se grenn ke yo genyen, e se pa nenpòt ki grenn li ye; yo gen de grenn e y ap di ki jan pou n sèvi avè yo. Donk gen grenn lan. Gen klowòks la likid la. Men “de grace” silvouplè, pa itilize klowòks an grenn ke nou itilize pou n fè lesiv la. Paske sa a nou pa p ka kontwole l, nou pa konnen ki pousantaj klò ki ladan l. E pou ki sa nou ensiste pou dlo a trete ak klowòks, paske klòr la, si mikwòb la, vibriyo kolere ke direktè jeneral la t ap pale a anndan dlo sa a, klòr la ap tiye l. L ap tiye mikwòb la. Si ou fè bouyi dlo a tou, ou mete dlo a bouyi, chalè ke ou bouyi dlo a ap de¬twi mikwòb sa a.
Donk se pou sa nou di ke fò n pa panike. Li grav, se vre, men nou gen mwayen nan men nou pou nou kapab jere sitiyasyon an. Lave men nou chak fwa n pral manje. Ou te mèt te fenk sot la¬ve men ou, ou te soti, ou manyen on pòt, ou pase on kote, kou ou pral manje, ou pa ko sèten ke men ou pwòp; ou lave men ou, ou fini, ou soti ak men ou kanpe kon sa, ou pa manyen anyen, epi ou al sou tab la. Se lè sa a ou asire ou ke men ou pwòp. E n apral fè sòti tou pou tout popilasyon an “technique de lavage des mains” ki deja dayè sou on postè.
Pa watè bò rivyè yo, paske nou konnen poupou, watè, sèl, defekasyon, kèlkeswa jan nou vle rele l, se yo menm ki genyen mikwòb la ladan l. Donk lè on moun ap twalèt a tè oubyen l twalèt nan rivyè, li trennen mikwòb sa a dirèkteman nan dlo. E moun k ap bwè dlo nan rivyè a, li eg¬zak¬teman ekspoze a maladi a. Ni nan rivyè, ni nan sous dlo. Nou konnen gen on pakèt kote nan peyi a, moun yo se nan sous yo pran dlo. Tout anviwónman sous dlo a dwe pwoteje. Lontan nan peyi a, tout moun te respekte anviwónman sous, men konnye la a gen anpil moun ki konstwi kay bò sous dlo yo. Sa konstitiye on gwo ris pou popilasyon an. Paske lè moun lan abite nan zòn sous la, e se nan zòn sous la tou li fè bezwen l.
Fò nou byen kuit tou sa n ap manje, men ann Ayiti sa a pa tèlman on gwo pwoblèm, paske nou pa tèlman konn manje manje k pa twò byen kuit. Vyann nou, nou byen kuit li. Diri nou byen kuit. Sòs pwa a bouyi jiskaske l byen [pa klè], byen redui. Donk “quelque part” kontinye menm teknik sa a, e menm sa nou konn manje ki manke bouyi, kite yo byen kuit epi nou pa p gen okenn ris de kontaminasyon.
Konnye la a, gen de z eleman ki enpòtan nan nitrisyon on moun se sa k rele fwi ak legim, men fwi ak legim yo, nou pral manje yo kri, oubyen n ap manje yo konsa. Enbyen nou asire nou, nou te gen on dlo ki klore, menm dlo pou n bwè a, nou byen fwote, byen lave, tout fwi ki gen ti espas bwose menm, nou gendwa gen on bwòs pou sa, byen bwose l, ou lave l, epi ou manje fwi ou. Paske nou konnen ki enpòtans sa genyen opwendevi nitrisyon nan lavi on moun.
Donk Ministè Sante Piblik avèk tout lòt sektè yo, gen direksyon Pwoteksyon Sivil, OMS, UNICEF, nou deja mete sou pye on sou komite anndan komite k ap jere kriz sa a pou travay sou zafè mesaj. Aktyèlman ekip la ap travay. Gen mesaj ki soti deja, ki pral pran laprès. E n ap kon¬ti¬nye travay sou lòt mesaj. Sa m ta renmen nan lòt mesaj “à venir” yo, m ta renmen ensiste sou za¬fè kadav la. E la n ap konte anpil sou laprès pou fè mesaj sa a, pou l ka rive, e pou l ka rive byen lwen. Kolera a, li atrap fasilman de yon moun a yon lòt. Nou kòmanse konprann sa, paske rapid¬man gen anpil moun ki enfekte. Donk lè on moun mouri, nòm kòd d ijyèn lan di gen on fason es¬pe¬syal pou yo antere moun sa a. Donk nou pral fè mesaj la soti. Fason espesyal, sa vle di fò ka¬dav la dezenfekte; lojikman, yo ta sipoze mete moun sa yo nan fòs komin. Men mwen konnen sa sa vle di mò pou fanmi ayisyèn, nou pral chita ansanm pou n gade ki jan nou pral mete enfòma¬syon an nan popilasyon an.

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *