Uncategorized

Gen on pawòl ki di: “Lè ou sere, ou chofe.” (1)

M gen kèk jou m ap chache on pawòl pou m pale. Pa nenpòt ki pawòl—on pawòl espesyal! De¬pi apre rezilta premye tou eleksyon yo, lè vin sanble toutbon nan won, verite sou tanbou, se Michèl Mateli ki pral kare anfas Milann Maniga—kidonk on ‘devyan’ anfas on ‘meritokrat’, dapre analiz politològ Grasyen Jan—, m ap chache toupatou, tankou chen fou: m ap chache on pawòl. M ap chache konprann. M ap chache pawòl laverite. M tonbe nan koze “konnen ak pa konnen”, m reflechi sou li, m ekri sou li, sou woulib on liv Msye Donal Wonm¬sfèl, “Known and Unknown: A Memoir”, m te fin li.
M te enterese nan chache konprann ki jan nou bati sistèm laverite nou, ki sa ki vin tounen lave¬ri¬te pou nou, selon ki prensip… Nan dezyèm pati “Konnen ak Pa Konnen” an, m te bay egzanp madanm yo t ap fè entèvyou avè l nan radyo, ki t ap di li te temwen on moun yo te bat osnon tou¬ye. Lè jouna¬lis la ensiste pou l konnen si madanm lan te wè sa ak de grenn je l, manmzèl te re¬ponn: “Non (m pa t wè sa ak de grenn je m), men gen moun ki te wè sa.” Re¬pons lan enteresan: on moun ka al sèvi temwen on evennman li pa t wè… M konnen se vre, pas¬ke gen moun ki di m se vre, paske gen moun ki di m yo te wè sa! Nou chwazi pou nou kwè sa yo di nou, paske sa k di a vin kore sa nou kwè osnon pa deranje konsyans nou. Sa grav—paske se pa konpòtman on grenn moun, se konpòtman nou kòm gwoup!
Nan chache pawòl, m pase an¬pil tan ap koute 2 gwo emi¬syon fowòm grankòzè ki fèt le samdi ma¬ten, ‘Ranmase’, sou Caraibes FM, ak ‘Moman Veri¬te’, sou Signal FM, youn m koute an dirèk, lòt la, le dimanch swa, lè yo rebay tou le de emisyon yo. M tande anpil pawòl, men gen on grenn koze ki fè on bon bout tan ret nan tèt mwen: se te on pawòl ‘moralite’. Animatè emisyon antre l nan editoryal yo; envite emisyon vin sou sa; moun ki rele nan emisyon lib tribin yo pale de sa tou. Selon jou a, selon emisyon an, pawòl la ka pati konsa: “Kouman pou on nonm k ap di betiz, desann kanson l nan figi moun, nan bal, sou cha kanaval, fè ap vin parèt nan figi moun kòm kan¬di¬da pou Prezidan, kidonk pou l vin dirije on peyi? Ou bay tèt ou non “Prezidan Konpa”, rete nan teritwa konpa ou! Mezanmi ooo! Ki bagay sa a?! Bèl ti peyi nou sa a! Nou genlè pèdi tout baz mo¬ral nou? Epi ou tande de moun ki di yo pastè ap sipòte kandidati on moun konsa? Bon! Poko! Kite kantik, pran priyè: kouman K.E.P. a fè aksepte on moun konsa kandida?!”
Moun tizonnen mwen, ting-ting mwen pou m antre nan pawòl la. Men m gen on defo fòma¬syon, pètèt gen moun ki ta rele sa on defòmasyon pwofesyonèl, ki anpeche m antre nan won san baton, kidonk antre nan on koze san m pa fè on bèl refleksyon sou li anvan. Sa yo rele moralite? On definisyon pètèt pifò moun ta ka dakò sou li se: tout prensip ki etabli distenksyon ant byen ak mal, distenksyon ant bon ak move konpòtman nan on gwoup, gwo kou piti—nan on peyi, tankou nan on fanmi, nan on gouvènman tankou nan on pati politik, nan on lekòl tankou nan on klib… E si nenpòt manm nan gwoup la fè on bagay ki kont nenpòt nan prensip yo, gen konsekans—sou kèl¬kelanswa fòm konsekans lan egziste a (lonje dwèt sou moun lan, ba l on bwa long kenbe, rale zòrèy li, fè l peye amann…). Nenpòt manm nan gwoup la, lè yo rekonèt sa k pa sa, gen dwa pou yo di: “Sa pa fèt!” Si ta gen eksepsyon tou, eksepsyon pou sikonstans, eksepsyon pou moun, tan¬kou si on prensip pa ta dwe aplike nan yon ka sikonstans osnon pa ta dwe aplike pou yon moun, fòk sa ta klè pou tout gwoup la. Pa egzanp, jan on moun ka abiye l pou l pran lari epòk kanaval, se yon eksepsyon ki mache ak epòk la—tout moun konprann se on degizman. Konsa tou, ta gen¬dwa gen yon eksep¬syon ki pèmèt granmoun aje pa kanpe nan liy nan biwo Leta, e pou ta menm gen yon gichè espe¬syal pou yo.
Dezyèm tou eleksyon fini. Rezilta bay. Gen moun ki ostre, monstre. Gen lòt k ap bat bravo la¬kon¬tantman. Gen lòt ankò, ou ta di yo la, yo pa la: y ap ri nan moustach, an soudinan… Mwen menm, m la toujou, ap chache pawòl la. Gen anpil pawòl toujou sou kesyon moralite. Pèp la chwazi. Sa k di li fè move chwa. Sa k di li pa konn (ki jan pou l) chwazi. Sou kesyon moralite a sèlman… Se pa lè kabrit fin antre, ap manje jaden nou, pou n ap rele fèmen baryè. Si n te vle poze toutbon vre pwoblèm moralite nan peyi a, nou rate on gwo okazyon ak epòk elek¬syon an.
Kesyon mo¬ra¬lite se pa on pwoblèm ki senp. Se pa pike kole. Ni chwazi nan ti tandrès sa nou vle deside ki pa moral. Fò n antre nan tout kouti sosyete a. Fò n gade kesyon an san paspouki. Sa k pa bon lè se vwazen ki fè l, pa bon tou lè se moun lakay nou ki fè l. Èske nou dakò pou nou an¬tre nan kesyon an konsa? Èske nou dakò minis Edikasyon Nasyonal nan Leya Kokoye a se on moun ki pa gen moralite?
Podyab Derilis, l al di minis la Leya ‘gen bòn kondit’. Derilis pa t kon¬prann ‘bòn kondit’ pa gen enpòtans pou minis la. Se pa sa l ap chache. Minis la se yon gwo imoral k ap pase paj liv pòno li, etan l dèyè biwo l. Se rive Lili de la Foukchod nan ministè a ki vin ‘ouvè’ je Derilis—Matmwazèl Lili vin bay payèt, woule machandiz li de bò, san diplòm:
“Se pa koze a sa, non. Se pa pawòl levanjil la, non! Se pa pawòl levanjil la sa. Moun yo pa t fè lendepandans ban nou pou koze a pati konsa. Li pa bon. Gade tifi a vin la a, li gen ti papye li, fanmi l voye l lèkòl, yo fè sakrifis pou li, li vini pou l chache yon pen kotidyen pou fanmi li, avèk papye a. Se on kon¬ti¬byab li ye lakay li, li twouve menm vye koze yo. Li pa bon non. Fonmi a pot nouvèl ban mwen. Se on lavanj jilèt wi n ap gen pou nou pran. Paske depi m piti, m pa janm wè moun plante pwa, epi pou ou pran panyen pou ou al fè rèkòt diri. M pa janm wè sa!”

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan [email protected]

Haitian Times

Haitian Times

The Haitian Times was founded in 1999 as a weekly English language newspaper based in Brooklyn, NY.The newspaper is widely regarded as the most authoritative voice for Haitian Diaspora.
Haitian Times
May. 05, 2012

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *