Pa sanble ta gen on kategori moun ki fèt tou tèt kale—konmkwa moun tèt yo pa ta ka janm pou¬se cheve. Kidonk ‘kale tèt’ se on chwa, chwa moun tèt li kale a (Jak kale tèt li yè.) osnon chwa moun ki fè kale tèt lòt la (Yo [fè] kale tèt li blanch.). Antouka, ‘tèt kale’ se on senbòl. Gen on mesaj dèyè chak tèt kale. Tout tèt pa kale pou menm rezon. (Èske m oblije di sa: Tèt kale se on bagay gason!) An nou gade senbòl ak sans ‘tèt kale’.
Lè m te piti, anpil timoun tèt kale m te konnen, se te timoun ki te rete kay moun. Se granmoun timoun sa yo ki te konn fè kale tèt yo. Sa pa t koute (anpil) kòb: jis mouye tèt la, on ti grenn sa¬von, epi on (bò) jilèt. Sa evite moun yo depanse lajan pou voye ti restavèk nan kwafè… epi tou, tèt yo pa p tounen tèt matla ki pral kenbe tout kalite ti bèt…
Te gen lòt timoun, ki pa t ti restavèk, yo te konn kale tèt yo tou. Lè vakans twa mwa fini, lekòl pral louvri, anplis bay metsin ak gwo beny dekrase anba kou ak dèyè nwa kou, granmoun timoun yo konn fè kale tèt yo pou konplete operasyon pwòptay pou timoun yo fre, pou retire pichon va¬kans lan… men kèk fwa tou pou rezon ekonomi, paske gen timoun cheve yo pouse dri—le tan pou tèt la vin bon pou l fèt, pòch bouse granmoun yo a pran on souf!
Nou ka konprann tou, kit se ti restavèk, kit se lòt timoun, nenpòt moman nan mitan ane a, gran¬moun yo ka oblije kale tèt yo pou fè tretman bouton osnon pyas. Se tankou on operasyon kache peche nou pral wè nan ka granmoun…
Anpil jenn gason, kidonk granmoun, piske yo pa timoun ankò, lè yo remake tèt yo gentan twò chankre, konmkwa figi yo ta vle lonje rive jis nan tèt yo, osnon si yo gen yon espas chòv nan mi¬tan tèt yo, yo pran abitid kale tèt yo—konsa pyès moun pa p wè si yo se tèt chòv k ap bay kwafè piyay. Lè ou ap gade yo, ou gendwa panse se on mòd, on chèlbè, on estil, on esans (kondi on ti elèv mwen ta di) y ap fè, men se nèg telijan ki pran dispozisyon yo pou yo kache peche yo wè nan glas.
Gen moun, chak ane, ki kale tèt yo. Pou rezon yo, pou afè yo. Kit se lè dat fèt yo rive, kit se lè on dat espesyal nan vi yo rive, yo kale tèt yo, tankou se te on giyon, on devenn yo t ap retire. Ou pa p janm konnen sa l ye ojis, paske ti nèg pa p di ou. Men se pa on operasyon kache peche li ye pou yo… se on degre! Se ta prèske menm bagay ak lè on moun kale tèt li nan epòk kanaval… pou l al pran plezi l, pou l al yaya kò l… tèt kale. Sou rit, sou mizik kanaval: “Woy! Pran plezi nou! Pran plezi nou tèt kale!” / “Tèt kale pa vle kite m dòmi!” / “Ann avanse san gade dèyè — Men dan la men, fratènèlman — Je vous en prie, soyez gentils — Pran plezi nou tèt kale — San goumen, jiskaske bann lan rantre.”
Youn nan bagay ki te toujou frape m, lè m te timoun, kòm m te rete nan Ri Prizon, zòn Anba Lòj, Jeremi, mwen menm ak ti konpayèl mwen yo, nou te konn suiv prizónye jandam ap monte desann avèk yo, ap kondi yo—se konsa nou te konn di sa—soti nan kazèn al gran pri¬zon, soti gran prizon al nan kazèn. Nou te konn ap suiv ki lè yo bay prizónye yo rad makak, ki lè yo kale tèt yo. Nan tèt nou, sa te vle di ki lè yo kon¬dane yo. (Lanavèt kazèn—prizon, prizon—kazèn lan, se on bagay jis konnye a m pa janm konprann lojik li.) Kidonk, te gen kale tèt, senbòl prizónye.
M pa ka bliye tou on kanmarad nou te genyen ki te kite lekòl al antre nan kò leyopa. Apre kèk tan, lè yo te ba l libète vin wè fanmi li, nou te wè tèt li kale. Sa sa te vle di? Gen on moun ki te di mwen, kèlkelanswa kò on jenn gason te antre a, yo te kale tèt li, kit se te nan Aka¬de¬mi militè, kit se te nan nenpòt branch lame a, ma¬rin, enfantri, avyasyon… M te bliye mande presizyon si yo te konn kale tèt nèg ki al antre nan Makout tou. Èske kale tèt lè ou antre nan yon enstitisyon tankou lame osnon lapolis se yon operasyon chanje pèsonalite, vin tounen on lòt moun?
Gen senbòl, gen sans. Ki sans pawoli ‘tèt kale’ a?
M poze kesyon an paske depi lè pawoli a parèt kòm slogan, pawòl pike devan, kanpay elek¬syon Michèl Mateli a—eskize se lizay “Prezidan Michèl Jozèf Mateli” a—, jounalis yo pa sanble yo fin dakò ki sa l vle di. Nan 2 atik ki parèt sou sit entènèt Radio Kiskeya, youn ki pote dat 8 de¬sanm 2010, “Réactions aux résultats des élections: Quatre morts, le siège de INITE disparaît”, lòt la ki pote dat 4 avril 2011, “Les partisans de Michel Martelly célèbrent bruyamment son ac¬ces¬sion à la présidence”, menm jounalis la, Stefàn Pyè-Pòl (Stéphane Pierre-Paul), ban nou, nan yon ka, “l’ex-chanteur au crâne rasé (Tèt Kale)”, nan lòt la, “Tèt Kale” (le chauve en créole), l’expression à succès utilisé par l’homme au crâne rasé pour se présenter de façon familière au public.” Malgre nan tou de sitasyon yo, nou wè “crâne rasé” pou ‘tèt kale’, nan dezyèm lan, jounalis la sanble li vle fè moun k ap li an franse a konprann “crâne rasé” ak “chauve” se menm bagay. (Plizyè atik nan jounal Le Nouvelliste, ki parèt apre eleksyon Mateli a, fè menm erè a—“crâne rasé” = le chauve en créole.) Kidonk tèt kale, tèt chòv, menm amou? Men non! M si Ste¬fàn Pyè-Pòl konn sa fen e byen. Tèt kale se chwa, tèt chòv se lavi. Anpil nèg montre yo fè chwa pou kache reyalite lavi. Nou kapab li menm kòmantè sa a anba plim 4 jounalis Le Nouvelliste, nan yon atik yo bay tit “Martelly président d’Haïti” (4 avril 2011): “Tèt Kale, image-slogan qui fait référence au crane rasé de Michel Martelly – et qui cache en fait sa calvitie – ainsi qu’à son langage franc, voire cru, l’a porté au pouvoir. Ce slogan est repris comme un mot de passe par la foule qui parcourt les rues en dansant. Tèt Kale, dans sa connotation grivoise, est aussi mis à toutes les sauces.” Nou tout konprann, pa vre? [Se mwen menm ki mete lèt yo an gra.]
“Tèt kale”, se on kolonn sans: se tèt kale san cheve; se san pwoblèm, san rezèv, san limit, san gade dèyè, nèt al kole—tankou nou konn tande l nan bout chante ki di “Pran plezi nou tèt kale”. Dèfwa tou, yo konn pouse pawoli a nan tout sans. Prezidan an di tout kote l pase, ann angle, an panyòl, se tèt kale. Èske sa vle di yo aplodi l, y avè li? Nan emisyon ‘Moman Verite’, samdi premye me 2011, ansyen Senatè Gabriyèl Fòtine deklare: “Si Mateli pa chache fè on ko¬wa¬lisyon, li pase nan eleksyon tèt kale, li pral jere on opozisyon tèt kale.”
Kidonk ‘tèt kale’ gendwa kontre ak revè l ‘kale tèt’… sou papye anvan.
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com