Sa sou wout pou l tounen on tradisyon: ane pase, nan menm epòk sa a, m te separe avèk nou kèk lide m te prezante nan aktivite selebrasyon Jounen Entènasyonal Kreyòl. Ane sa a, se on po¬te-kole plizyè òga¬nizasyon (HABETAC, la Fondation Mémoire de NY, Inc., SHR/Perspectives Haï¬tiennes, Em¬powerment Center for Caribbean Immigrants) ki te pèmèt selebrasyon an fèt. Ko¬ze ane sa a, m te prezante l ak tit: “Pwovèb nan Dyaspora: Ki Wòl yo?” M ap ban nou li an de (2) pati—nan pren¬sip respè espas jounal la rezève pou DÈYÈ PAWÒL. N a reflechi sou li, epi n a fè pawòl la ma¬che pou nou ka travay pou chanjman. Men premye pati a:
«On moun ki kite peyi l, al viv on lòt kote, menm si li ta debake kote sa a ak rad sou kò l sèlman, gen on bagay ki en¬¬pò¬tan di mil fwa pase tout byen li te ka po¬sede li pote avèk li: bagay sa a, se memwa li. Se me¬mwa on moun ki tout vi li. Si on moun pa ta gen memwa, nou ta gendwa konsidere li pa egziste. On pa¬ti nan memwa chak moun se souvni pèso¬nèl li: se memwa fanmi ak zanmi, se me¬¬mwa katye ak vil, se memwa tout eks¬pe¬ryans pèsonèl. On lòt pati nan me¬mwa nou, se on me¬mwa eritaj, kidonk memwa le¬ve-jwenn nou, me¬mwa tout on gwoup moun: se me¬mwa abitid ak koutim (abitid manje, abitid abiye, abi¬tid bon lizay, koutim jwèt, kou¬tim fèt, koutim ren¬men…), se me¬mwa tou lang gwoup la pa¬le. Anvan m antre pi fon nan koze a, kite m es¬plike lide leve-jwenn lan: M sèvi ak lide sa a nan sans tout bagay nèt nou jwenn ki eg¬ziste nan so¬sye¬te depi nou gen kon¬nesans: tankou lang, pren¬sip, abitid, koutim… Men le¬ve-jwenn lan, se pa on ba¬gay ki rete kachte nan on bwat: li la nan lavi nou, nou sèvi avèk li, ki¬donk li chanje, li adapte, li devlo¬pe menm jan avèk nou. Kon¬sa chak timoun ki fèt nan on sosyete vin eri¬tye leve-jwenn lan nan on pwen nan devlopman leve-jwenn lan.
Lè on gwoup moun ki gen menm memwa leve-jwenn vin twouve yo nan on menm peyi, se memwa leve-jwenn yo ki kenbe yo ansanm, se li menm ki pè¬mèt lòt gwoup moun, ki gen memwa eritaj pa yo, re¬kon¬nèt yo kòm on gwoup. Pa¬ti ki pi enpòtan nan me¬mwa leve-jwenn lan, se lang tout gwoup la pale a: se lang lan ki sèvi kòm siman leve-jwenn lan. Se li menm tou ki pèmèt gwoup la trans¬mèt tout pati en¬pò¬tan nan leve-jwenn lan bay timoun k ap fèt nan gwoup la. Ki¬donk, pou gwoup la reyisi nan travay sa a, li enpòtan pou l konprann plas lang lan: fòk tout gwoup la sèvi ak lang lan, fòk li pale l, fòk li ba l va¬lè, fòk li pa lage l, fòk li pa voye l jete.
Gen 2 gwo fòs k ap fè presyon sou tout gwoup k ap fè efò pou yo konsève epi transmèt lang yo ak le¬ve-jwenn yo nan dyaspora: premyèman, nesesite pou gwoup la aprann lang ak leve-jwenn sosyete kote li ta¬bli a, pou li kapab rive jwenn plas li nan sosyete sa a: kòm gwoup la pa ka reaji an blòk devan presyon sa a, gen tandans pou gen moun nan gwoup la ki me¬¬pri¬ze oswa lage lang lan ak tout leve-jwenn lan; de¬zyèm¬man, timoun ki fèt nan gwoup la, gen plis chans pou se lang ak leve-jwenn sosyete kote yo fèt la ki sèvi kòm memwa eritaj pa yo—kidonk lang ak le¬ve-jwenn grandèt yo re¬te sèl¬man kòm on memwa pè¬sonèl pou yo.
Chema m prezante la a, se fason nòmal sitiya¬syon an pa¬rèt pou nenpòt ki gwoup ki tabli nan dyas¬pora. Men plis on gwoup gen pwoblèm pou l ak¬septe lang li ak leve-jwenn li, montre li fyè de yo, se plis li gen pwoblèm pou l kenbe yo nan dyas¬po¬ra. Gwoup pa nou an soufri jan de maladi sa a. Nan on sitiya¬syon konsa, li enpòtan pou tout moun k ap re¬fle¬chi sou lavi kominote a chache idantifye epi kon¬prann mwayen kòdyòm gwoup la kapab sèvi pou ede l kenbe lang li ak le¬ve-jwenn li.
Sou fontyè lang ak leve-jwenn nou kontre ak pwo¬vèb yo. Kite m bay on ti pre¬si¬zyon la a tou. Mo «fon¬tyè» a pa vrè¬man montre rapò ki genyen ant ‘lang’ ak ‘le¬ve-jwenn’ pas¬ke se pa on rapò ki senp: 1) Lang lan se on pati nan le¬ve-jwenn lan, menmsi se youn nan pyès ki pi enpòtan nan le¬ve-jwenn lan; 2) Lang lan pè¬mèt nou pale de leve-jwenn lan, de tout pa¬ti leve-jwenn lan, menm de lang lan tou li menm—dènye koze sa a se on fonksyon ki enpòtan anpil pou moun k ap tra¬vay sou lang; 3) Lang ak leve-jwenn gen on rapò ale-vini: youn aji sou lòt, tout tan, san rete.
Lè nou pran tout pwovèb yo ansanm, se tankou on ja ki chaje ak bon pawòl. Se on richès pou tout moun ki manm leve-jwenn lan. Chak pawòl kachte nan on ti anvlòp; lè ou dekachte, ou jwenn on ti ran¬mase eksperyans lavi nou kòm pèp, on leson: sa pou nou fè, sa pou nou pa fè; sa k dwe fèt, sa k pa dwe fèt; jan sa fèt pou fèt, jan sa pa dwe fèt. Pa eg¬zanp, lè nou di: “Chen di gade pa twòp!”, le¬son nou vle fè chon¬je se eksperyans lè on chen kanpe ap gade, gen es¬pwa, de¬pi moun l ap ga¬de a po ko fin manje, li ka jwenn on grabday. Se sa leve-jwenn nou ban nou, e se sa lè n ap gran¬di nou kwè. Se sa k fè yo konsidere chak pwovèb tankou on pawòl granmoun: on pa¬wòl eksperyans, on pawòl sa¬jès, on pawòl ki gen on ti li¬myè laverite. Pa bliye tou: “Bouch gran¬moun santi, men pawòl nan bouch li pa santi.”
Sèvi ak pwovèb nou yo se youn nan fason nou ka¬pab ri¬¬ve kenbe kontak ak lang nou ansanm ak le¬ve-jwenn nou nan dyaspora. Pwovèb yo kapab pèmèt je¬ne¬rasyon ki prale ak jenerasyon k ap vini kenbe men youn ak lòt pou pèmèt lang nou ak leve-jwenn nou rete djanm.»
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com