Èske, wi ou non, dimanch 28 novanm 2010 lan te gen eleksyon Ayiti—eleksyon pou pòs prezi¬dan, pòs senatè, pòs depite? Sa depan ki moun nou poze kesyon an. Sa depan ki pozisyon l pran. Sa depan ki kandida l sipòte. Epi tou, sa gen pou l vin mennen nou nan kafouyay ak kabouya! [Os¬non tou—kòm kwonik sa a ap parèt le 8 desanm, yon jou apre yo ta dwe bay rezilta eleksyon yo, dapre pwomès ki fèt—tout bagay gendwa kè kal: sa depan ki boul ki soti, si se youn nan boul malatchong yo, si se kout boul tout moun pran, oubyen si se on gòl Achibal, kidonk on gòl ak men, yo bay pèp la! Mèsi Blan!]
Samdi 4 desanm 2010, nan emisyon “Moman Verite”, sou Siyal FM, de animatè yo, Lisyen Jira ak Franz Egzantis, te resevwa anpil zotobre, on kolonn ak on pakèt. Pou Sovè Pyè-Etyèn, eleksyon 28 novanm lan, se te ‘on operasyon òldòp elektoral’; pou Mèt Kan¬ton, pa gen eleksyon, lè ou ‘fèmen on biwo depi 8 è di maten, ou di tout moun fin vote’… pas¬ke bwat yo te gentan fin plen ak bilten pou kandida Inite a, Jid Selesten; Kolonèl Rebi, li menm, li konstate, pou yon sek¬tè, ‘eleksyon fèt, gen moun k al vote’, menm si mandatè pa t ka antre nan biwo vòt pou y al fè tra¬vay yo… sòf si yo te gentan anndan biwo vòt la depi 4 è di maten, tankou mandatè bizango; menm si anpil moun ap kouri nan lari tankou chen fou, pa ka jwenn nan ki biwo pou y al vote, akòz on taktik lòd alfabetik ki vin fè ‘Èrbi osnon Èrnès al cha¬che non l sou menm lis ak Rebi—paske non yo kòmanse pa R’… Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a pa konsidere li reskonsab koze on moun pa konn li. Jinèt Cheriben, on manm KEP a, mande: “Èske sa vle di nou pa ka fè eleksyon tanke moun yo pa konn li?” Malerezman m pa t nan emisyon an: m ta mande li si KEP a pa t konnen ki kalite elektora l genyen—epi tou èske se pa pou elektè yo fè eleksyon, pou pè¬mèt yo chwazi lidè ki pou reprezante yo?
Men pawòl ki vin ap pale nan samdi 4 desanm, se pawòl analiz, pawòl apre premye deboulay jou¬nen 28 novanm lan, jounen eleksyon an osnon jounen kafouyay la, se selon… vin jwenn ak tout lòt kalite pawòl ki detaye depi lè sa a. Gen on koze ‘Gwoup 12’ ki te mande anilasyon elek¬syon depi nan zòn midi, jou 28 novanm lan. M si, nou tout, nou te tan¬de, menm jan avèk mwen, youn nan kandida pou prezidan yo, Doktè Jozèt Bijou, ki t ap pale nan non gwoup la (etan tout lòt manm yo te la bò tab la): “Li klè ke gouvènman Rene Preval, ansanm ak C.E.P. a, mete tèt yo ansanm pou òganize on konplo kont eleksyon 28 novanm 2010 la. Sa mon¬tre ke nou te gen rezon lè nou te di ke Preval pa p òganize eleksyon demokratik… Nou mande pèp ayisyen an, nou man¬de tout fanm ak tout gason, ki renmen peyi yo, pou yo mobilize pasifik¬man kont briganday ak zak antidemokratik Rene Preval la…”
Lè m te chita ap tande konferans Gwoup 12 la, kore ak kòmantè jounalis, m pa t konprann an¬yen, m pa t wè klè menm. Se 2 imaj ki te vin nan tèt mwen: imaj on match foutbòl ak imaj on ti¬raj lotri Kiba osnon Sendonmeng. Kidonk se te lide kafouyay ki te nan tèt mwen.
Balon an nan ti kare a; atakan ak defansè ap eseye kontwole l; gadyen soti; abit ak jijdeliy ap chache pi bon pozisyon pou yo suiv sa k ap pase; ban tou 2 ekip yo, ak tout antrenè yo, kanpe; piblik la chofe, ap rele anmwe… Abit soufle, li rale kat li nan pòch li, li leve on kat wouj anlè. Pou ki moun kat la? Sa k pase? Piblik la anvayi teren en. Sekirite pran nan foul. Match fini… san abit pa soufle. Deblozay! Kafouyay!
Nou gendwa pi renmen lòt imaj la: lotri fin tire, men machann bòlèt, biyetèl oubyen listèl, refi¬ze peye. Ki boul ki soti: 67 osnon 77? Sa blan an te di: “sesenn… osnon setenn…”? Se toujou on pwoblèm. Kafouyay ‘sesenn/setenn’! Pa gen otorite ki gen lalwa di sa k te soti, paske fè bòlèt se aktivite ilegal, menm si tout gwo otorite jwe bòlèt tèt kale. Tèl bank bòlèt afiche se 67 l ap peye, tèl lòt di se 77—se selon sa k pi bon pou yo a, sa yo pa t vann anpil ladan l lan. Rezilta: deblozay tou¬patou! Ti malere kanpe ak fich yo devan bank ki fèmen… ak lespwa mèt bank lan a vin louvri, chanje nimewo; kèk anjandre manche ba fè yo, pou y al kraze-brize…
Imaj sa yo danse nan tèt mwen tout apremidi dimanch lan, rive jis aswè. M te sou Siyal FM ki te deklare on pèmanans. M te di m la avèk yo. Jounalis nan estidyo radyo a t ap fè analiz; repòtè nan tout lari Pòtoprens, kou repòtè nan pwovens, t ap bay nouvèl sou dewoulman eleksyon an nan zòn kote yo ye a. Se te tankou on repòtay match foutbòl osnon on tiray lotri. De imaj yo pa t sispann toumante lespri m. Ou te gendwa tande repòtè nan zòn Latibonit fin di ki jan yo te wè tèl kandida nan on djip ak nèg ak zam ki pare pou yo fè dezòd, epi apre sa estidyo a pase balon an bay repòtè nan Grandans lan k ap pale de deblozay ant patizan de kandida nan zòn Anzdèno. Ri¬ve on lòt moman se repòtè nan lari Pòtoprens ki t ap bay rezilta vòt la nan diferan biwo… tankou rezilta bakaloreya fwa sa a: Mateli, premye; Maniga, dezyèm; Selesten, twazyèm… Adyeridan! Men prezidan K.E.P., Msye Gayo Dòsenvil, te gentan deklare afè anilasyon eleksyon an pa gen sa pyès.
Èske se sa ki vin bay deblozay 29 novanm lan, deblozay Mateli ak Maniga retire kò yo nan Gwoup 12 la? Si premye rezilta di y ap mennen, si K.E.P. di eleksyon bon, enben yo tou le de gen chans yo pou yo pran lamayòl la…

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply