Sa ap kouri sou 4 semenn, lè m t ap reflechi sou pawoli ‘rat mòde soufle a’ (semenn 18-24 Novanm 2009), m te di fòk mwen ta fè on rale espesyal sou rapò nou ak rat, apati de pawoli ak pwovèb grandèt konsève nan memwa yo. Lè sa a, se te on pawòl konsa konsa, on pawòl pou debloke aktivite ekriti a ki te on ti jan kwense anba on lakranp sèvo. Men semenn pase, nan pale sou ‘pòt an bwa ki pa ka goumen ak pòt an fè’, selon kòmantè on sitwayen sou jan li wè rapò ant Aristid ak Preval, sitou apre K.E.P. a te fin bare Fanmi Lavalas pou l pa al patisipe nan eleksyon y ap prepare pou kòmansman ane pwochèn lan, m al tonbe nan on koze ‘lè chat pa la, rat bay kalinda’, ki ta sanble li plis fè sans si n ta vle pale toutbon vre de rapò ant de zotobre yo, de marasa yo, jan yo te konn abitye rele yo.

M oblije mande tèt mwen si pawòl rat sa a vin pou mwen, si m pa oblije degaje m jwenn on ti pwazon rat pou m pa viktim… Se nan fen semenn pase a, nan suiv nouvèl tiraj boul bòlèt K.E.P. a t apral fè a pou l bay chak pati osnon rasanbleman politik nimewo yo pou eleksyon an, gen on ti limyè ki vin parèt nan tèt mwen: mo rat la gen anpil konneksyon ak politik. M pa vle di se on ekip ‘rat do kale’ k ap fè politik ann Ayiti, men gen de kòmantè ou tande nan bouch politisyen ki fòse ou reflechi.

Tout moun konnen ki kalite eskonbrit ki te genyen nan tiraj boul bòlèt K.E.P. a, jou vandredi 4 desanm lan. Moun ki te la di se te on tiraj malatchong, gen on boul ki te nan lari. Tout pati ak gwoupman politik pran kout boul: Inite, pati chèf peyi a, pote premye pri ak nimewo 1 ki te gentan byen rèd anba bra yo nan anvlòp ofisyèl yo rale soti nan manch vès tankou majisyen… Nan tout politisyen, rat do kale, ki t ap fè kòmantè yo, gen youn ki atire atansyon m. Msye di: “Se toujou lannuit, an mànyè chanpwèl, bizango, yo abitye fè de kou konsa. Si m di nou m pa sezi, se peche. Konnye a se gwo midi vòlè mache sou moun! Bann san wont yo! Yo vin pi awogan konnye a, yo pa pè anyen menm. Siman yo gen oke kominote entènasyonal la tou, si yo ka fè l a klè konsa. M po ko janm sezi konsa. Depi m rat, se premye fwa m pran nan pèlen!”

Koze rat ak pèlen an se on koze ki enteresan. Destine anpil rat se pou yo fini nan on pèlen, on ratyè. Sa k an devenn yo tou la, yo pa pral lemante ke chat ankò. Men gen kèk, lè yo fin pran nan pèlen an, ki konn debat, jigote, jis yo chape poul yo; men sa k konn rive, ke rat sa yo konn rete nan ratyè a. Sa vin bay on kolonn rat bout ke k ap flannen drivaye toupatou. Rat sa yo konn pran nan pèlen plizyè fwa, epi yo chape poul yo. Kidonk yo pran esperyans. Yo vin maton. Yo gen on avantaj sou jenn rat yo, ak tout lòt yo ki pa janm pran nan pèlen: yo gen chans pou yo vante tèt yo, di yo se vye rat. Fò ou konn la pou ou al la! Kidonk lè on rat deklare se premye fwa li pran nan pèlen, sa ka bay twa lide: swa se on jenn rat ki fenk parèt, ki fenk ap evolye nan peyi pèlen, epi pretansyon fè l kwè li se on rat ki la lontan; swa se on rat tou ki gen chans, ki pa janm kontre ak okenn pèlen sou wout li, osnon ki pa pran chans kite tou li al chache manje deyò; swa ankò se on rat ki chaje esperyans toutbon vre, esperyans zansèt li te kite pou li, ki fè l vin gen nen fen nan espadonnen pèlen…

Anpil rat vle fè tèt yo pase pou rat dantan. Yo pa p fache si ou rele yo rat do kale. Se on kolonn gwo mal rat. Ki aprann on ekip move mès tou pou yo ka loveye nan tout kalite van politik nan peyi a. Yo gendwa menm vin tounen rat mòde soufle. Yo nan bagay la depi yo te ti rat a tè. Pitit manman yo, pitit papa yo! Fò nou veye yo, paske ‘ti rat pa janm fèt san ke’. Se ke a ki senbòl li, se ke a ki poblèm li, se ke a tou ki la pou pèmèt yo pann li.

Se vre koze rat gen anpil konneksyon ak koze politik. Men se moun k ap fè politik ki antre koze a nan politik. Koze ‘rat pa kaka’, nou jis sèvi avè l san nou pa fin konprann sa l vle di, sòf pou nou di se on ekip moun ki patizan tèl lidè politik, se on bèl egzanp. Èske se rat pa fè kwik!, rat pa bouje, plim ne gouy, rat pa kite tras, paske li pa kite anyen atè pou zòt al rive nan tou l? Rat pa kaka: ki ou?

Depi piti nou nan pawòl rat. Lè n ap chanje dan, nou voye vye dan an sou do lakay nou, epi nou di: “Rat! Rat! Rat! Men on bèl, bèl ti dan m voye ba ou pou ou voye on lèd, lèd ti dan ban mwen!” Pawòl maji. Pawòl sans kontrè. Lè dan n fin pouse, n al nan vakans, nou ranmase ‘bò rat’ anba pye mango, nou manje yo, paske nou te tande on granmoun di si n manje rès rat, n ap vin gen zòrèy fen… Adyeridan! Nou fè règ move mès lakay, nou kwè n entelijan, yo pa p dekouvri nou, men nou tande granmoun k ap di: “Se rat kay k ap manje pay kay!” Kidonk yo konnen nou koupab. Nou chanje lang, nou depale. Nou pale jagon kou rat… pou granmoun pa konprann!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *