Fendane 2010 la, m pa t ap panse tradisyon. Lide m pa t sou sa ditou. Pa apre DOUZ JAN¬VYE! Apre dat madichon sa a, tout bagay merite chanje—kit se ak kèk kout libera… Non, m pa t ap chache koze tradisyon ditou. Lide m te pati nan koze ‘ki jan nou pral fè pou n touye jèm kolera a, pou n anpeche l fè plis dega pase kantite lavi li deja de¬twi yo?’, ‘kouman nou pral demele nou pou nou soti nan kriz eleksyon 28 novanm yo, on jan pou n ka koumanse fè toutbon vre sa n te pwomèt tèt nou pou n fè apre katastwòf 12 jan¬vye 2010 la?’ Se koze konsa ki te nan tèt mwen, men sa pa vle di koze tradisyon pa t ap chache m—antouka gen pawòl tra¬di¬syon ki te rive jwenn chimen zòrèy mwen.
“Kouman ou pral lave aswè a, gwo jodi Premye Janvye a!? Kote pawòl sa a soti, me¬zanmi? Paske nou nan peyi etranje a, nou bliye tradisyon yo! Ou pa konnen ou pa dwe kite ane a pran ou ak rad sal lakay ou! Ou pa janm tande yo di sa—sa ou fè Premye Jan¬vye, se sa ou ap pase tout ane a ap fè!”
M pa t rete tann esplikasyon, diskisyon, demonstrasyon, akizasyon sipèstisyon… Fòs tra¬disyon an te pran kontwòl tèt mwen. Premye Janvye, se pa sèlman jou endepandans, jou soup jomou libète: Premye Janvye se premye jou ane a toupatou (?), osnon pifò kote, sou latè. Se pa on jou anpil moun ake¬yi, m ta dwe di yo pa kite l antre sou yo, konsa kon¬sa. Diferan moun, diferan fanmi gen fason pa yo pou yo pare pou jou a. Gendwa se on gwo netwaye, pase matla solèy, bale tout kwen kay, pase twal mouye, enpi wouze ak ba¬zi¬lik… pou retire pichon, devenn kòde, rale bon jan chans! Gen moun wè pa wè, fò yo gen on zoranj la, kon minui an fè beng!, pou yo ka¬le l, manje l, tranch pa tranch. Sa dwe pote chans! Chak moun gen afè pa yo, degre pa yo, ti mistik pa yo. Genyen, fòk se ak on gwòg pou yo resevwa jou a: twa degout pou sa yo pa wè yo, epi on bon ga¬gann pou yo menm. Gen lòt ki pa p kite minui an pran yo nan lari: fò yo lwen move zè granchimen, lakay osnon legliz, pou yo met jenou yo a tè pou yo di Granmèt la mèsi.
Premye Janvye, moun yo te konn di, se fèt timoun; Lèwa se pou granmoun. Se vre Pre¬mye Janvye te gen anpil enpòtans pou nou lè nou te timoun. Plis pase Nwèl, paske pa t gen garanti Tonton Nwèl te pral pote anyen pou nou. Men jou Premye Janvye a, se te pa nou, sa te rele nou chè mèt chè mètrès. Ak ti rad nèf sou nou—ki te mele n si yo te rele n “Ti Joudlan”—nou te pran lari, al swete parenn, marenn, tantin, tonton, Msye Sesi, Ma¬dan Sela, larezone. Nou te tounen ak zetrenn, piti kou sa te ye, pou n te fè kè bwat sekrè n kontan… Nan apremidi, nou te baye, vale van, paske, apre ti dlo soup la, yo pa t fè lòt manje, men sa se on lòt koze: ala de tradisyon papa!
Men mal kou mizè, nan tradisyon Premye Janvye, sa a se pa pi move bò tablo a: gen pi mal. Bò nou pa wè a. Bò ki pa gen ti limyè lespwa a. Gen moun ki pa menm vle di Pre¬mye Janvye: yo pale de “jou a”. Pou yo ta di Premye Janvye, fò yo ta ka pale de fèt, reve¬yon, babako manje, achte bèl rad pou timoun, achte bèl rechanj, bèl wòb pou y al rale pa, bay payèt… Non, sa k enpòtan pou yo, se wè jou a: “Depi nou wè jou a, depi Bondye fè nou favè nou wè li, nou pa bezwen anyen ankò! Se sa k enpòtan. Konnye a dwe gen kantite moun ki pa wè jou a, mou ki gen mwayen pou yo ta bay tou sa yo mande yo pou on mirak ta fèt… Epitou, depi ane chanje, gen espwa pou malere.”
Pati sa a, pati “depi n wè jou a”, toujou frape m. Se tankou moun yo la, yo pa merite an¬yen. Ou ta di se on favè lavi a fè yo, li pèmèt yo egziste. Fò yo pa fè twòp bri, fò yo pa fè twò fò pou yo pa gate sa. Merite pa mande. Sa yo ba yo, yo pran. Pito yo lèd, yo la. Tra¬di¬syon! Tradisyon! Pawòl tradisyon mande reflechi.
Non, fò n pa kontante nou pou n wè jou a sèlman. Se vre se on privilèj, paske nou pa fè anyen pou sa, men, pou rezon sa a menm, fòk nou fè on bagay ak sa. Fòk nou fè lavi a kon¬nen nou pare pou n kanpe defann dwa nou, pou n reklame sa nou merite. Nou pa la pou n pran bagay la jan l vini, jan yo lage l ban nou, jan yo vle nou pran l. Non: fò n fè on kra¬ze kite sa ak ‘sa l fè, l fè’, ‘jan l pase, l pase’! Fò n bay dèyè n de tap… pou n retire tout kalite pou¬syè ladan l (pousyè dèyè dous, pousyè laperèz, pousyè nou bouke…). Fò n sote ponpe, pyafe, rele anmwe, pou n di “Otan!”
Se dat n ap di depi n wè jou a! Epi, apre nou fin wè jou a, sa k pase? Sa n regle ak sa? Gen pawòl ki fèt pou chanje—pa pwovèb sèlman. Pawòl leve-jwenn, pawòl tradisyon, se pawòl temwayaj, men fò n rechaje yo ak esperyans pa nou… Lè n rive sou fontyè de la¬ne, olye nou jis swete pou Bondye fè nou wè jou a, n a vire gade dèyè pou n reflechi sou sa n te fè pandan ane k ap fini an, n a konpare l ak sa nou te pwomèt nou t ap fè, epi n a plonje nan ane k ap vini an ak rezilta travay nou, ak leson n aprann, ak kouraj, ak lespwa n a chanje sa k merite chanje! An n fè on jan pou 2011 pa soti tèt koupe ak 2010!
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com