Semenn pase a m te separe avèk nou esperyans m te fè nan on makèt: sou yon ekran k ap bay reklam pou tout kliyan ki prizonnye nan ling men longè, kanpe ap tann tou pa yo pou y al peye nan kès, yo te vin montre on tibebe, ak kouchèt li sou li, ki te pike tèt li atè nan on pozisyon moun lakay bay non, menm si yo pa di sa konsa, ‘pozisyon rele lòt’. Se vre mwen menm se pa sa ki te vin nan tèt mwen an premye lè madanm ki te dèyè m nan lig lan te di: “Se dat m pa wè timoun k ap rele lòt!” Men menm moman an, machin memwa m te gentan ap travay.
M te rive byen lwen lakay. M te wè on kolonn timoun k ap rele lòt. Sa te sanble on bagay nòmal tout timoun fè lè yo fin rale, lè yo ka kanpe sou de pye yo. Sans lan tou te toujou klè pou mwen. Jan m te montre nou an, m pa t konfonn pawoli sa a ak pawoli ‘rale lòt’. Malgre yo sanble, ‘rale’ pa ‘rele’. E sa k te pi enpòtan, malgre pa t gen on lòt mo ki te vin kole bò kote mo ‘lòt’ la pou presize sans li, tankou sa fèt ak anpil pawoli nan lang lan, sans ‘lòt’ la pa t bay pwoblèm. M te konprann ‘lòt’ la te vle di ‘on lòt timoun’, ‘on lòt tibebe’, ‘on lòt ti frè/sè’.
Si m tounen sou kesyon ‘lòt’ la semenn sa a, m pa kwè sa etone pyès moun. M te anonse nou m t ap retounen sou kesyon an. M te menn gentan ap gade jis nan ki limit ‘lòt’ layite sans li. Nou te wè anfas ‘lòt’ toujou gen ‘youn’—pou ki rezon li enpòtan pou nou konsidere nosyon anfas la, se paske youn nan fason pou byen sènen on konsèp, pou nou defini li, se pou nou gade sa l pa ye, sa k lekontrè li. Nou ka pran egzanp on manm nan on fanmi yo prezante kòm on moun ki diferan ak rès fanmi an. “Jakòb la li menm, se on lòt moun. Li pa sanble avèk yo menm. Fò ou ta di se pa menm fanmi an. Li depaman nèt avèk yo!” Kidonk malgre Jakòb li se manm fanmi an, li pa gen anyen pou l wè ak rès fanmi an.
Men an reyalite, ‘youn’ pa toujou kanpe anfas ‘lòt’. Lè nou tande ‘lòt’, sa pa toujou vle di gen on ‘youn’ nou ka idantifye. Lè de moun ki te gen on plan pou yo te fè on bagay pa rive fè l jou yo te di a, yo gendwa deside y ap fè l ‘on lòt lè’. Si jou yo te chwazi pou sa yo t ap fè a klè, ‘on lòt lè’ a pa bay okenn presizyon, li pa defini okenn moman, epi se pa sa ki pi enpòtan. Konsa tou, on moun ki al achte on bwat lèt kanasyon nan on boutik gendwa reklame pou yo ba l on lòt paske premye sa yo te ba li a kolboso. Nan ka sa a, ‘lòt’ la vle di ‘on bwat ki pa kolboso’, men se toujou menm kalite lèt la li vle—kidonk ‘on lòt ki menm jan ak sa ou te ban m lan’. Nou gendwa di koze sa a, afè de lòt ki menm jan an, pa gen sans, men se sa l ye.
Kite m separe avèk nou on lòt esperyans m fè sou ‘lòt’ nan zòn jedi-vandredi ki sot pase la a. M abitye tande nan entènèt yon emisyon ki bati sou prensip ‘on lòt Ayiti posib’. M di ki bati paske si ou ap koute emisyon an, ou ap tande ni animatè ni oditè k ap di menm pawòl ‘on lòt Ayiti posib’ la. M abitye tande emisyon an, men se premye fwa pawòl ‘lòt Ayiti’ a pral frape m konsa. M vire pawòl la, m tounen l, m pran l nan tèt, m pran l nan ke, men m pa ka rive konprann lide ‘lòt Ayiti’ a. Epoutan, sa pa ta dwe twò konplike: lide menm lan k ap vin tounen on lòt se pa on bagay nouvo.
Lè ou te grandi ak Jak, ou te konn tout mès li, tout defo l, epi ou pati, ou kite peyi a, ou fè kèk tan ou pa wè Jak, lè ou vin wè l ankò, Jak gendwa vin tounen on lòt moun. “Se pa menm Jak ou te konnen an non, konpè m. Jak vin chanje, papa. Jak vin tounen on lòt moun.” Ki jan se pa menm Jak lan? Figi l pa chanje. Li gen menm tèt grenn lan. Li toujou mache menm jan an, ak menm demach zoukoutak la. Enben, Jak chanje nan tanperaman. Li vin tounen on lòt moun. Ou pa p wè l chita men nan machwè ankò tankou lontan, osnon kanpe on kote nan bank odyansè, ap grate santi. Non, jounen jodi a, ou pa p janm wè Jak chita on kote san l pa gen on liv nan men l!
Kidonk gen on travay ki fèt sou Jak pou l te ka vin tounen lòt moun lan. Ki travay ki ta dwe fèt sou Ayiti pou l vin tounen lòt Ayiti a? Ki moun ki ta dwe fè travay sa a? Jak se on moun, li ka te travay pou chanjman an; men Ayiti, menm si nou ta vle kwè on mirak pral fèt, pa p ka travay pou chanjman ki ta dwe fè l vin tounen on lòt Ayiti a. Men se pa enpresyon sa a kèk oditè emisyon an bay. Genyen ki konn di yo aletranje, y ap tann lòt Ayiti a pou yo antre. Gen lòt ki konn di: “Nan lòt Ayiti a, jan de bagay sa yo pa p ka fèt ankò!”
Poblèm rive konprann lide ‘lòt Ayiti’ a gendwa nan fòmil majik yo sèvi a. ‘On lòt Ayiti posib’ la pa sonnen tankou on pawòl lokal: li sanble dekalke fòmil ‘Une autre Haïti est possible’ yo konn sèvi nan emisyon an.
Pa ka gen lòt Ayiti san lòt Ayisyen. Èske nou pare pou nou chanje tèt nou?
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com