M fin tande on nouvèl vandredi apremidi, pètèt vandredi swa, on nouvèl ki frape m nan moman m t ap tande l la, men nan mòd reyaksyon moun ki abitye tande tout kalite nouvèl, kidonk moun ki pare pou kèlkeswa nouvèl la, rive Samdi maten, nouvèl la te gentan pase dèyè tèt mwen, li pa t la ankò, ap boulvèse lespri m. Samdi swa, pánye m anba bra m, ap achte kèk ti zagribay, fèy ak grenn bwa, pou m antre lakay, nouvèl la retounen vin jwenn mwen, men sou on fòm degize, konmkwa li ta bliye si madigra boule depi nan Mèkredi lèsann. Mezanmi, m manke pa rekonnèt nouvèl la. Twa kanmarad m te tande k ap pale yo mete kont pase-genyen yo ladan l, men sa k pi enpòtan pou mwen menm avèk nou, ki enterese nan koze Dèyè Pawòl, se kòmantè m tande youn ladan yo fè sou nouvèl la: “M gen lontan m ap di nou sa, mesye. M pa etone sa rive nan pwen sa a nan peyi a, paske chemen bouton se chemen maleng.”

Ki sa nouvèl la te ye ojis? Nan zòn Plato Santral—m pa fin si nan ki vil, seksyon riral, osnon bouk—gen on sitwayen lapopilas rache ak kout manchèt paske on machann te akize sitwayen sa a konmkwa li ta vin mete men sou sakit lajan li. Nan repòtaj korespondan radyo a ap fè a, ou kapab tande fanmi sitwayen an ki enkosolab, ap rele anmwe, di se nan jaden msye te prale, li pa fè pyès zak. Otorite ak jijdepè ki vin fè konsta pa t arete pyès moun, yo jis renmèt fanmi sitwayen an kadav la. Moun nan zòn lan ki pale ak korespondan an fè konprann depi lapolis pa ka ba yo on kanpo ak vòlè, se nòmal pou lapopilas pase vòlè yo kenbe alenfinitif.

Sitiyasyon sa a grav. Kòmantè ‘chemen bouton se chemen maleng’ lan fè n konprann se maleng lan ki devan je nou la a. Lapopilas k ap rache ak manchèt moun yo sispèk osnon yo kenbe nan move zak, se on maleng, on maleng ki prèt pou l tounen on java menm, ki pral merite bon jan operasyon koupe jete pou anpeche rès kò a pouri sou pye, pou anpeche yo di nou al chache on kwen kras nou mete kò nou, paske nou pa lasosyete, paske nou gen move sant…

Wi, se vre, tout natifnatal abitye ak pawòl granmoun sa a: chemen bouton se chemen maleng. Se toujou anvan maleng lan deklare yo di li; se toujou lè ka a sanble ak on ti bouton yo di sa. Paske pawòl sa a se on pawòl prigad, se on avètisman. Esperyans nou ban nou pa gen okenn sitiyasyon ki kòmanse on jan ki rete menm jan an. Lavi se chanjman. Nou pa gen garanti on sitiyasyon ki bon ap vin pi bon, men nou konnen si sa kòmanse mal, gen anpil chans pou sa vin pi mal. On ti bouton gen anpil chans pou l tounen on maleng. Epitou, selon kote bouton an ye a, li kapab vin tounen maleng pi vit. Kidonk se sou bouton an pou n konsantre nou—sou bouton sosyal k ap vin tounen maleng sosyal la!

Nan sitiyasyon n ap gade a, sitiyasyon on moun lapopilas rache ak manchèt, ti bouton an parèt tankou se ta rezilta tout ka moun ki fè zak epi sistèm jistis la pa aji kòmsadwa, swa paske li pa gen mwayen pou l aji, swa paske twòp magouy anpeche l aji. Kidonk, jan popilasyon an reyaji a, se fason lojik yo wè pou yo reponn tenkantenk. Tout bèt jennen mòde! Yo pa p ret tann jistis jis yo tounen pwatann. Lè se jistis Bondye, yo konnen se kabwèt bèf, fò yo pa prese. Men lè y ap boule ak vakabon, se on lòt koze. Jis ki bò sa pral rive? Ki moun ki pral gen pouvwa di ‘Otan!’? Kilès ki konnen si pa gen inosan y ap bay kout dwèt lè zòt bezwen regle kont yo?

Nou ka konprann koze ‘chemen bouton…’ an depase sitiyasyon n ap gade a. Kèlkeswa sistèm anndan on peyi ki deside pou l pa respekte regleman ki deja la, regleman ki di ki jan diferan demach dwe fèt, sistèm sa a gen pou l pote lèt kondanasyon l. Wi se on gwo pawòl, paske grandèt te toujou fè n konprann se moun sòt ki pote lèt kondanasyon yo. Enben, lè nan tèt osnon anndan on sistèm nou jwenn on pakèt moun ki panse yo pi entelijan pase tout lòt moun, sistèm lan gen pou l fè bèkatè, sistèm lan gen pou l peye frekansite dirijan l yo… Kit se te sistèm pou òganize eleksyon, sistèm pou okipe fè wout, sistèm pou fè lwa, sistèm pou kontwole depans piblik, sistèm pou fikse pri gaz…

Pawòl ‘chemen bouton se chemen maleng’ lan, se on pawòl nou wè ki mache ak prensip ‘Anvan bri, defann kont’ lan, on prensip ki di klè, si ou pa fanatik bri, fòk ou evite kont. Sou baz prensip sa a, nou ka chanje fòm pawòl la pou nou fè l tounen ‘anvan maleng, defann bouton’. Kidonk, okipe chak ti bouton, si nou pa vle l tounen on gwo papa maleng. Fò nou fè prevansyon si nou pa vle sitiyasyon an vin pouri nan men nou. Si nou pa defann kont, pa gen mwayen pou nou anpeche deblozay fèt, pa gen okenn jan pou nou anpeche kont mete pye.

Pawòl sa a tèlman chita sou demach prevansyon, li konnekte ak lòt pawòl ki aprann nou pou n pa ni pran plezi lèt zòt tonbe, ni deklare nou pi entelijan pase zòt, sa pa ka rive nou. Grandèt yo te sere on pawòl enpòtan pou nou: ‘Lè bab kanmarad nou pran dife, fò nou mete bab pa nou alatranp’, pou l pa pran dife tou. Kidonk, si nou wè on moun osnon òganizasy tonbe nan on sitiyasyon, fò n fè atansyon pou nou menm tou nou pa tonbe nan menm bagay la…

Dènye degre prevansyon an, se menas. Menas la egziste pou on rezon byen senp: gen moun se sèl langay sa a ki mache pou yo: ‘Lè ou wè tipoul cho, se malfini ki dèyè l.’

Pran men nou!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *