Anvan 12 janvye, chak kwonik m ekri te konn baze sou yon pretèks m al chache nan tèks pawòl chante, pawòl pale oubyen pawòl ekri, osnon m konn al ranmase pretèks la dirèkteman anba bouch—kit se te nan salon pèp kay bòs kwafè, katye jeneral anpil nèg lakay ki pase karyè, ki fè esperyans, ki gen konesans nan tout domèm; kit se te nan kanpe sou ran ap fè lesuivan devan chòp kawotchoumann pou m fè leve pàn m pran nan ri tonbe leve Bouklin; kit se te nan trennen zèl sapat mwen nan zòn kote Nostrann ak Flatbouch bay akolad pou m tande bon bouch nèg ak nègès lakay k ap pale—wi, m te toujou al chache pretèks la on kote.
Men konnye a, m pa bezwen al deyò pou m al chache on pretèks ankò. Tout pretèks yo anndan tèt mwen. M ap viv avèk yo. Se rezilta tout souvni pèsonèl tranblemanntè a souke nan memwa m ki al fè chòk ak nouvèl radyo ann Ayiti m koute sou entènèt la—nouvèl Kafoufèy, Plas Jeremi, Pako, Kafou, Leyogàn, Bwa Vèna, Estad Silvyo Katò, Bisantnè, Fontamara, Sou waf, Fò Senklè, Mache Anba, men sitou nouvèl Channmas, jan l ye jodi a, jan jounalis eseye dekri aktivite k ap pase sou Channmas. On jounen pa pase san m pa pouse plizyè gwo kout ri “He! He! He! Hey! Chalmas! Ala kote gen koze, papa!”, konmkwa m ta vle imite ti machann pistach nan Gwo Moso a.
Seri sa a, m kòmanse semenn sa a, se on fason tou pou m retire chapo m devan Mèt Moris Siksto, pou m di l: “Respè! Chapo ba, Mèt a pawòl!” pou kontribisyon l nan bati memwa jenerasyon pa m lan. Nou bezwen lòt Siksto pou kore nou nan travay rebati memwa nou kòm pèp apre 12 janvye.
Lè m tande on jounalis ap esplike ki jan lè l te kanpe nan zòn Channmas tousuit detwa jou apre tranblemanntè a sa te difisil pou li pou l rekonèt on seri de kote li te konnen fen e byen, m al koute Gwo Moso pou m eseye fè on plonje nan anbyans Channmas m te konnen an. Moun ki abitye ak pyès sa a gentan konprann pou ki sa se li menm nan tout pyès Siksto yo ki vin nan tèt mwen an premye. Se sou Channmas sitwayen yo rele Gwo Moso a tabli l chak dimanch apremidi pou l bay kat, pou l chante non vanyan l, pale de moun li kraze, moun li bat. Channmas se pòdyòm Gwo Moso, se la vin egzèse talan gran palè l. Channmas se on kote espesyal pou Siksto. Li di nou sa nan entwodiksyon Gwo Moso. Pran tan pou nou kote l. M transkri l pou nou tou pou nou ka wè pawòl yo devan je nou etan n ap koute l.
“Le dimanch apremidi sou Channmas, Pòtoprens, se on kote m te tèlman renmen, chak fwa ke m reve Pòtoprens, se sou Channmas la m ye. Men se te on bagay pou yon moun t al wè. Sou Channmas la, vè twazè d laprèmidi, genyen pou tout moun. Si ou se pent, se penti ou fè, ou gendwa monte chevalè ou la, ou al fè penti. Si se ekriven, jounalis ou ye, genyen pou ou. Si ou se powèt, ou bezwen ale, pati, monte nan lalin, ya!, ou bon.
Vè twazè konsa, ou wè de ti medam k ap deboukle, soti, Ri Kapwa ak bèl ti wòb sou yo. Ti medam yo anpenpan. Y ap soti Tifou, y ap soti Riyèl Sensi, y ap soti Avni Dikòs, y ap soti Riyèl Pikan, y ap monte Ri Lama, sot bò Annsónya, y ap deboukle soti Dèyè Ekspozisyon, bò tribin. Ti mesye dèyè yo. Y anpenpan! Konmès la reyini devan Paramout oubyen devan Rèks. Ou wè machann kola, machann krèm, machann sirèt, machann bonbon wòz toma, machann pistach, machann fresko—fresko ap graje, siwo tout koulè ap vide. Myèl! Mouch! Konmès la kanpe.
M pase bò fontèn lan, mwen wè de ti medam ki vin pwonmennen pitit moun ki gen moyen, yo gra kon vòlè, ou a di timoun ki ret ka mè, yo pwofite pou yo pale a ti mennaj yo tou. Pandanstan sa a, timoun yo atè, y ap jwe nan po mango. Tout bagay ap mache: anterit, lakteyòl, tout bagay sou pye.
On jou dimanch, m soti bò tribin lan, m ap vini, m tande… m ap gade, m wè fèy sabliye ap voye. Ou a di se on gwo men k kache, k ap voye konfeti. Van an bon, m ap vini. Epi se konsa m tande on nonm k ap pale. Men, yon gagann! Ou a di se on radyo ou louvri dènye volim. M ape vini, m vin desann bò Paramout. On pale fò, on nonm eksite. Lè m rive, m mande on ti machann sirèt. M di li: “Koute non, ki sitwayen sa a k ap pale konsa?” Li di m: “A! msye, se on nonm y ap rele ‘Gwo Moso’.”
N a remake se on Channmas espas-tan Siksto prezante nou: on ‘Channmas dimanch apremidi, nan zòn twazè’. Se Channmas sa a Siksto damou an. Nou ka konprann pou ki sa: se on Channmas espektak, on Channmas bèl mèvèy, on Channmas kote zenyè, fouyapòt ak atis nan bòl grès yo, kote yo tout jwenn, kit yo te pent, ekriven, jounalis osnon powèt.
Menmsi nou chak nou gen Channmas pa nou, Channmas espas-tan pa nou (Channmas kote n al bat bèt nou sizè pou minui, Channmas kote n al chita sou ban ak on zanmi samdi swa, ….), li fasil pou nou antre nan Channmas Siktso ofri nou nan Gwo Moso a. Nou rekonèt Channmas sa a: se on Channmas kalfou plizyè chemen—ou ta di tout chemen al fini Channmas… Si gen on kouri Channmas, moun pa gen pwoblèm pou yo jwenn on ri, on riyèl pou yo chape poul yo: Avni Dikòs, Riyèl Pikan, Riyèl Sensi, Ri Lama…
“Chalmas! Ala kote gen koze, papa!” Se on pawòl ki fenk kòmanse. N ap kontinye l semèn k ap vini yo ak lòt pèsonaj Siksto prezante nou—Ti Kam, Depès, Mèt Zabèl.
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com