Lè ou pran pawòl nan bouch moun ki sot Ayiti, gen yon grenn enpresyon ki rete nan tèt ou: Channmas ou te konnen lontan an pa egziste jodi a. Se on lòt Channmas. Se pa Channmas kalfou plizyè chemen ou te konnen an, Channmas kè Pòtoprens, Channmas Siksto a. Non, Channmas jounen jodi a, se on Channmas kay, Channmas mache, Channmas douch ak twalèt piblik. On Channmas kote kretyen vivan ap viv anba tant, nan tout kalite mityak, ap respire tout kalite movèz odè. Men on Channmas, dapre sa moun di sou radyo, dapre sa moun ki sot Ayiti deklare, kote vizitè pa ka rete kanpe menm 35 segonn—dire tan tranblemanntè 12 janvye a. Ay, Chalmas! Se konnye a, la gen koze!

Souvni Channmas pa m lan sanble yo konfonn ak souvni Channmas Siksto a. Semenn pase, nou te wè jan Siksto prezante Channmas nan Gwo Moso, li te esplike wòl Channmas genyen nan chapante memwa Pòtoprens li, menm nan rèv. Espesyalman Channmas dimanch apremidi nan zòn twazè. Kidonk on Channmas espas-tan. Men gen twa lòt pyès ki montre nou jan mèt a pawòl la damou Channmas.

Siksto louvri sous bonè Ti Kam sou Channmas, epi se sou Channmas la tou sous bonè a seche. Ti Kam se te on bèl ti fanm ki te gen on ti konmès patwonay sen. Men Ti Kam t ap pase on flo. “Lè midi bare li sou Channmas, li foure kò l anba on pyebwa pou l kraze on dòmi, men on dòmi grangou.” On jou, etan l ap leve nan dòmi, gen on madanm ki parèt sou li, tankou se ta on lespri mò manman l voye pote on mesaj ba li. Madanm lan di Ti Kam: “Kote ou rive la a, se pou ou mete imaj sen sa yo on kote, epi pou ou monte Souspyant, pou ou al fè 7 jou, pou ou fè tranpèt nan basen an. Paske kalite giyon ou gen nan kò ou la a, yon sèl beny pa p fè anyen pou ou.” Ti Kam pa fè enkoutan. Choz di, choz fèt. Ti Kam jwenn on nèg ki ranmase l, al mete l rete anwo Boudon, ak tout nesesè on fanm. Men tou rich pa mal: plezi kanaval, rankont ak sèjan Pyè, randevou ak Kaporal Brennò, al lage Ti Kam sou Channmas ankò. Fwa sa a, se on lespri malè ki voye on espedisyon dèyè Ti Kam—sou fòm on ti jennonm ki nan otorik, ki monte lakay Ti Kam avèk li, byen bichèt kò l avèk li, epi jete l san l pa kite menm on fèy papye pyas ni anba zorye, ni anba tapi…

Chalmas! Ala kote gen koze, papa! Siksto pran plezi pou l suiv Mèt Zabèlbòk Bèrachat nan woutin jounen lindemyèl pwolonje li. Chak apremidi, apre li fin fè syès li, Mèt la abiye l byen fen, ak chapo kasav riban nwa li, pou l desann sou Channmas al pran de lè. Siksto di nou: “(Zabèl) desann. Li pase pa Ti Fou. Li rive Channmas, li pase bò fontèn lan, li desann bò Paramout, li remonte bò kyòs la, l al bò kote pè Gola te ye a, bò tribin, l ap pran de lè.” Men gen yon lòt aspè Siksto sanble li pi renmen nan pwomnad Zabèl yo: Mèt la te enterese nan yon ekip medam ‘avec postérieur redondant’, kidonk medam gwo dada, fè dèt m a peye. Zabèlbòk sou mank, l ap tcheke grenn…

Chalmas! Ala kote gen koze, papa! Siksto tire plizyè pòtre Channmas pou nou: Channmas nan zòn midi, ak Ti Kam; Channmas dimanch apremidi nan zòn twazè, ak Gwo Moso; Channmas apremidi, zòn kat senkè, ak Mèt Zabèl. E Channmas, leswa, lè solèy fin kouche? Kouman l ye? Gen on pòtre nou jwenn nan Depès.

M pa konn ki kote Jal Oksid Janti te rete, men Siksto fè Depès travèse Channmas etan li sou wout li pou l al fè sware mizikal an lonè jal la apre trannsenk an li sot pase nan peyi etranje, an Frans. Channmas, nan zòn setè di swa, fen janvye, se on bèl esperyans, se on mèvèy. “Le 28 janvye, dat lanmò jal Oksid, Depès abiye fen kon ze zwa, li te gen rad fonse a 7 è di swa—li te an Frans, li konnen se koulè sa a moun mete leswa—li genyen mouchwa blan li pandye, byen pafime, kamelya a la boutónyè, jile l sou li, flit li anba bra li, rèd tankou on ke gon, l ap travèse Channmas la. On bèl sware. Lalin lan ap woule nan syèl la tankou on tèt koupe, ou pa wè on ti nyaj. Sou Channmas la, l ap travèse, ou genyen… dòl pye sabliye yo ap eklate, ou a di se on gwo men ki kache k ap voye konfeti. Van an menm menm, ou a di ke se on gwo plimo k al pase sou tout ilan-ilan, sou tout jaden flè lavil la, sou tout jasmen, chevalye de nui, k ap vin karese figi tout moun. Bèl sware!”

M remake sèjousi m pa fouti fin tande bèl pwezi sa a Siksto te konpoze pou l pataje avèk nou lanmou l pou Channmas san dlo pa kouri nan je m. M pa si m ko konprann sa k fè sa. Gendwa se ti moso Channmas pa m lan m chonje a ki fè sa—Channmas: kote m te konn al etidye leswa, lasemenn; Channmas: kote m te konn al pran on ti konsè devan kyòs; Channmas: kote m te konn al kraze on pèmanans nan Triyonf, samdi midi, ak de twa zanmi; Channmas: kote m te konn al flannen men nan men ak on ti mennaj; Channmas: kote m te konn al chita nan frechè ak ti kanè m nan men m pou m make lide ki t ap anvayi m… Gendwa tou se on chòk ki fèt ant pafen pwezi Siksto a ak souvni tou nèf movèz odè Channmas moun ak radyo ap eseye fè antre nan sistèm memwa m…

Antouka, gen on grenn bagay ni 12 janvye ni okenn lòt evennman pa p janm ka chanje nan Channmas: se on kote k ap toujou espesyal. Ni Mèt Siksto, ni machann pistach la, nan lye d verite, pa p janm sispann di: “Chalmas! Ala kote gen koze, papa!”

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *