Lòtrejou, etan m kanpe nan on ling machin nan yon estasyon gazolin, on kote gaz la on ti jan mwen chè pase lòt kote yo, ap tann tou pa m pou m foul tank mwen, m tande 2 sitwayen ki pèdi nan on kòmantè sou aktyalite nouvèl Ayiti. Ou ta di se on rezime nouvèl semenn lan mesye yo t ap bay. Koze ki te plis atire atansyon m, se lè yo te vin ap pale de ansyen direktè ONA a, Msye Sandwo Jozèf, k ap dòmi leve nan prizon depi kèk tan.

M te deja konnen yo te arete msye nan dat 19 Mas 2009, kidonk arestasyon l pa t on nouvèl pou mwen. Nouvèl la, diplis la, se lè youn nan mesye yo ap di jan lapolis frape Sandwo Jozèf. Sitwayen an bay règ detay li, byen alèz, san bege; li pa menm di ‘yo di’, pou l ta pèmèt ou gen dout. Fò ou ta kwè nèg la te la, tankou on espri envizib, nan moman arestasyon an, osnon nan biwo kote yo te ale ak direktè ONA a lè yo te fin arete l la. Koze frape a pa etone m ditou ditou, malgre atik 25 Konstitisyon 29 mas 1987 la ki defann yo frape san rezon on moun y al arete osnon yo mete nan prizon. Depi moun ap pale de konstitisyon, nou konn pawòl la deja: gen on epòk, yo te konn di: “Konstitisyon se papye, bayonnèt se fè.’ Men nan ka sa a nou menm nou ka di: konsititisyon se youn, men abitid move mès ki kuit nan san otorite lakay se on lòt. Memwa m ban mwen, lè on chèf ap fè on arestasyon, premye jès li fè, se sèvi moun l ap arete a kèk bon chaplèt desounen, konmkwa pou l montre l, pou l montre moun ki ta prezan la tou, se on arestasyon toutbon k ap fèt, se chèf k ap aji. Chaplèt la gendwa sèvi kòm penn pa chèf la tou, sitou si l konnen moun l ap arete a se on potanta li ye, li pa p gen chans frape l ankò on fwa li fin antre nan sistèm lan. (Ann imajine se on chèf ki te al dèyè fè on ti aval nan ONA, epi sa pa t mache: li gendwa menm lage on degi chaplèt nan figi dirèk la!)

De sitwayen yo ki t ap pale a pa pran lapenn pou ansyen direktè ONA a. Okontrè! Yo di msye se on move grenn, on òtansya move plan, k ap detwi jaden bòn gouvènans peyi a, k ap fè zòt ap plede lonje dwèt bouwo yo sou nou, di nou pa gen kapasite pou n gouvènen tèt nou. Sitwayen yo twouve Sandwo Jozèf ap aji tankou on bon gason, on ‘Yoyo’, k ap mache fè lonekte ak tout moun, sitou moun ki nan gwo pozisyon politik, moun ki gen pouvwa pou yo kase fèy kouvri sa pou li. Men lonekte msye ap fè a, se pa nan afè pa l l ap fè l, se nan trimès Leta l ap fè l. Nan byen san swe a. Nan byen san mèt la. Kidonk Sandwo Jozèf nan koripsyon fò: l ap sèvi ak pozisyon responsablite l nan Leta pou l regle zafè pèsonèl li, pou l asire chita l. Nan sans sa a, m dakò ak de sitwayen yo lè yo di ansyen direktè ONA a pa respekte tèt li a, men se fòm yo di l la ki on ti jan siprann mwen: yo di msye bwè dlo, men li pa respekte vè l.

Se vre pawòl sajès sa a, nou konn tande sou fòm prigad “Bwè dlo, respekte vè ou!”, se on bèl pawòl. Nan jan l bati a, pa gen pyès dout se sou prensip respè li chita. On moun k ap bwè nan on vè (ki gendwa parèt sou fòm gode, tas, kwi, boutèy, osnon kèlkeswa veso l ap bwè ladan l lan), fò l pa bavòte ladan l, fò l respekte vè a. Paske se vè a ki kenbe dlo a. E kòm moun lan te kenbe vè a nan men l, kòm li te met vè a nan bouch li, li pa janm konnen sa k ka pase: gendwa se vè sa a espesyalis lapolis al sèvi avè l, al poze l kesyon, al fè tès sou li pou yo jwenn si moun lan koupab kèk move zak. Men sa a, nou tout konn sa deja, se on koze an parabòl—se konsa sa ye nan tout pwovèb, paske lè on moun di pawòl sa a, pa gen okenn vè ki la toutbon. Bwè dlo, respekte vè ou, se mache sou pinga ou pou ou pa pile si ou te konnen. Men se pa sa sèlman.

Bwè dlo respekte vè se on lòt jan pou nou di on asosye: “Pa mòde dwèt k ap ba ou manje!” Paske konnye a gen mwayen lè yo analize mak on kout dan kite pou yo wè dan ki moun ki te fè mak la. Se pa sèlman paske mèt dwèt sa a ka koupe manje engra k ap mòde l la, jan nou te konn abitye konprann sa, men tou se paske dwèt sa a ka al sèvi temwen.

Nou kapab antre tou nan on koze ki pi lou: “Kote ou manje, ou pa fè bezwen ou la!” Se on koze respè tou: respekte tèt ou, asosye! Koze sa a pi lou pou plizyè rezon. Premyèman, aksyon manje ak aksyon fè bezwen pa mache ansanm: yo mache youn (manje) apre lòt (fè bezwen)—paske gen on koze tou ki di ‘mal pou manje, mal pou fè bezwen’. Si ou bezwen pou ou kontinye gen manje pou ou manje, fò ou ka kontwole anvi fè bezwen ou, anvi fè tenten ou. Dezyèmman, fè bezwen ou on kote se montre ou pa enterese nan kote sa a. Fòk ou al chache on lòt kote pou ou fè betiz ou, pou ou fè tenten ou, pou ou fè voksal ou, paske kote ou ap manje a, se on kote espesyal, on kote beni li ye.

Nan leve-jwenn nou, prensip respè se youn nan prensip—pou m pa di se prensip—ki pi enpòtan. Lè ou bezwen gen rezon devan kras, se benyen pou ou benyen—pa nan dlo sal, nan dlo pwòp!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *