Se pa on pawòl m fenk dekouvri. M ta gendwa di m grandi ladan l. Men semenn sa a m tande l ak on sans m pa t konn abitye tande l anvan. Anvan m rive nan sans sa a, m ap eseye fouye nan memwa m rasin premye sans m te konnen an. Se vre li koumanse on ti jan ta nan vi m; se vre m anbake nan twòp pò; se vre m bwote twòp fwa deja… men m ap fè efò.
M pa chonje kilès ladan yo, nan mesye bouretye yo, ki te di sa: Èske se te Sousèt? Èske se te Gwozago? Èske se te Zekourèl? Fò m dwe te gen douz an: on apremidi, 4 è edmi panche ap kouri sou 5 è, m t ap fann wout apre lekòl pou m plonje lakay al dèyè on soutni kè. Mesye yo, kòm dabitid, te chita nan frechè, ak chemizèt yo mare nan ren yo pou ranmase swè, nan kwen on magazen, ap konte kòb yo fè pou jounen an, ap pale jan sa te pase tou.
“Sa se akrèk sa, monchè! On moun pa dwe akrèk konsa: ou fìn fè 2 djòb deja, ou ta kite pou on lòt fè youn! Kouman nou fè konsa, nou menm Ayisyen? Se pa ou sèlman ki bezwen manje. Se pa ou sèlman ki gen reskonsablite. Nou tout se pitit Bondye nou ye, bouch tout moun fann…!”
Se apipre konsa pawòl la te pati. M espere pyès moun pa vin fè m pwose pou sa. Lide ‘bouch tout moun fann’ lan te sanble on pawòl gratis. Paske m pa t janm te konn abitye wè ni moun ni bèt bouch yo pa t fann. Depi m te tande bouch, m te wè ‘ouvè’, ‘fèmen’, ‘dan’ (kit se te ti grenn diri, dan rachòt, dan kong…). Si on bouch pa ta fann, li pa ta merite pou n rele l bouch. Men m oblije kwè yo sèvi ak pawòl la pou yo di si bouch fann, se pou yon grenn rezon: se pou l manje. Kidonk “bouch tout moun fann” vin ban nou lide “tout moun fèt pou yo manje.” E si ou anpeche on moun manje, sa menm ka gen konsekans grav. M si nou konn abitye tande moun k ap fè lòt menas, di yo si yo anpeche yo manje—si yo pa rekonnèt bouch yo fann tou—, y ap anpeche yo fè tèl tèl bagay.
M chonje gen timoun granmoun konn mande yo pou yo bay bouch yo on midi: se de timoun ki pa janm sispann manje, ki toujou ap tchanpannen. Granmoun yo vle pwoteje yo kont gonfleman pachiman. Konsa tou menm pawòl sa a konn sèvi pou timoun ki djòl alèlè, ki toujou ap pale: “Bay bouch ou on midi, konpè!” konn vle di “Sispann pale, tigason. Bay moun zòrèy yo!” On lòt pawòl m chonje granmoun te konn di tou, se “Bay bouch ou manje!” On pawòl ki fè nou chonje premye wòl on bouch se manje. Men fò n fè atansyon: pawòl sa a se pa on pawòl premye degre, se on pawòl an daki. “Bay bouch ou manje! Bay bouch ou okipasyon! Sispann foure bouch ou nan zafè moun! Sispann pale!”
Kidonk pale ak manje rekonsilye, anndan on menm kannal. Si ou ap manje, ou pa ka pale. Si ou ap pale, ou pa nan manje. Sòf si ou se moun ki dezalòd. Men sa a se pawòl pa m. Antouka se sa m konprann lè m ap reflechi sou sans sa a m di nou pa t abitye avèk li a. Apre yon aktivite Selebrasyon Jounen Kreyòl nan wikenn lan, lè m pral pran machin mwen pou m al lakay mwen, m tande on ekip mesye ki nan on gwo diskisyon sou moun ki t ap poze kesyon nan konferans lan. Sa k pa dakò entèl te poze tèl kesyon ki pa t gen twòp sans; sa k panse kèllkeswa kesyon an, on moun entelijan jwenn sans ladan l. Men sa k te pi frape m lan, se sitwayen sa a ki t ap di: “Tout moun granmoun, bouch tout moun fann, yo gendwa gen opinyon yo, yo gendwa poze kesyon yo vle, pa gen baboukèt isit!”
Nou ka konprann m te sezi tande pawòl ‘bouch fann’ mache ak pawòl ‘dwa moun genyen pou yo bay opinyon yo’. Èske sa vle di kòm ‘bouch fann pou manje’, pyès moun pa ka anpeche ‘bouch fann pou bay opinyon’? Se on gwo koze.
Manje se on dwa, se on nesesite: on moun oblije manje pou l ka kenbe kò l. Men èske bay opinyon se on dwa? Anvan nou rive nan opinyon an, fò nou ta konsidere pale li menm. Wi, tout moun gen dwa pou yo pale. Pale pou yo poze kesyon. Pale pou yo di sa k fè yo mal. Pale pou yo di sa yo panse. Pale pou yo denonse. Meyè fason pou on moun ta enpoze on lòt pale, se ta anpeche l sèvi ak lang li pi alèz ladan l lan, lang l ap benyen ladan l depi l tou piti a; se ta ba l on baboukèt ak kòd on lang li pa ka di mwèt ladan li men li oblije ap rannafle ladan li.
Bay opinyon se on lòt bagay. Si ou ap bay opinyon, sa vle di ou deja gen dwa pale. Sa vle di ou ap pale on lang ou pa mare ladan l. Lè on moun mande nou sa nou panse sou on kesyon, repons nou bay la toujou baze sou on eksperyans nou genyen (ki gendwa depase on konnesans lasyans moun te ka genyen nan moman sa a). Sa vle di tou, gen de moman, ap gen on seri de kesyon k ap poze, on moun pa p ka gen okenn opinyon sou li, paske li pa gen okenn esperyans nan domèn kote kesyon yo soti a. Sa a se on gwo koze. Men gen moun ki panse yo gen dwa pou yo bay opinyon yo nan tout bagay.
Yo di bouch yo fann pou yo pale, pou yo di sa yo vle. Podyab! Bay opinyon ou sou on kesyon vle di ou konn kesyon an; sa vle di ou te gen tan reflechi sou li depi lontan… paske opinyon se pa bat bouch!
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com