Dèyè Pawòl
Gen Pawòl
avèk Wozvèl Jan-Batis
Dan se zo
Depi jedi pase, m gen on pawòl ki kole nan tèt mwen, andedan tèt mwen, pa vle soti, on pawòl ki kole pi mal pase fil wondonmon mango fil ki tache nan fant dan. Sa k pi rèd la, menm jan lè ou pase lang ou sou fil la, ou santi l nui ou la, se menm jan an tou, lè panse m vle fè on rete sou pawòl la, m santi m malalèz. Pawòl la tankou on bagay ki pa nan plas li—menm jan ak fil mango a. On pawòl ki vin chwe nan tèt mwen, tankou on pawòl doulè.
A, wi, m chonje. Se on pawòl doulè. On pawòl doulè dan. M te kay dantis, kouche sou do, bouch anbarase. “Li fè ou mal?” M pran kè, m souke tèt mwen, a dwat a goch, on jan pou m di non. “Dan sa a k ap souke a, fò n ranplase l (ak on fo dan). Lè dan ou ap souke, ou pèdi anpil zo!” M pa souke tèt mwen, m pa reponn. Se pa on kesyon doktè a poze m: li jis di pawòl la pou zòrèy mwen ka tande sa l pral fè, sa l vle fè. Se lalwa, se regleman. Men, m souri nan kè m… paske on chante monte nan tèt mwen. “Mwen di dan sa a ki ri malè a, dan sa a se zo…” Doktè a di ‘dan se zo’. M sezi. Men, m kontan tou: doktè a pa Ayisyen, ki jan l fè konn pawòl sa a? Sa pa fouti pa laverite!
Pawòl ‘dan se zo’, nou repete sa tout tan, men m pa kwè nou janm pran tan vrèman pou n gade dan an, pou n etidye l tankou on zo. Jan n renmen zo! Jan n souse zo! Epitou, pou kantite dan nou chanje lè n timoun, se pa janm chen nou bay yo pou yo manje—se chen k manje zo, pa vre? Gwo dan nou yo, dan kong nou yo, dan doukla nou yo, dan rachòt nou yo, dan bonbon nou yo, se toujou bay rat, on rat ki sou do kay la, nou voye yo: “Rat! Rat! Rat! Men on vye vye dan m voye ba ou, pou ou vo¬ye on bèl bèl ti dan ban mwen!” Non, nou pa janm wè dan tankou zo, menm si nou chante chante a toutlasentjounen.
Dan se zo. Vye zo san nanm, san mwèl. Dan pa gen santiman. Nan konvèsasyon ak Sineyis, Bòs Chaleran (Moris Siksto) di menm bagay la: “Dòsen rete, li koute moun nan lèvil ki monte isi vin ba l dan. Dan pa kè. Dan ri, manman l lan sèkèy.” Kidonk lè on moun ba ou bèl dan, sa pa vle di se bèl ba¬gay. Anpil sitiyasyon ka met dan deyò. On pawòl, on jès, on aksyon, on bèl blag, ki satiyèt lespri ka met dan deyò, kèlkelanswa chay tristès ki te genyen. Nou tou konprann, nan ka sa a, m pa p pale de griyankon yo: on griyankon se on moun dan l toujou deyò, san rezon—pa paske dan yo twò gwo, po bouch la pa ka rive kouvri yo; non: paske se eta nòmal li, on egare, on moun ki pa tèm, on mòskòy, on zonbi, vivi dan griyen. Wi, griyankon pa griyankon, dan se zo: dan ka ri nen¬pòt bagay.
Malerèzman, verite sa a sanble l ap kabicha nan tèt nou. Nou menm, kretyen vivan, nou bliye fasil—akòz nou toujou ap chache okazyon pou ban nou kè kontan. Nou bliye gen on seri de moun, se bèl dan sèlman yo ban nou: nan kè yo, yo pa renmen nou; men yo pa p kite zòt wè sa: yo aprann leson yo byen, yo aji pou lasosyete. Nou bliye tou on lòt koze enpòtan: ‘dan griyen, pa vle di griyen dan’. Pa sèlman nan bouch, nan pawòl; se pa on kesyon revè, se pa on jwèt: ‘dan griyen’ anfas ‘griyen dan’; se pa on de¬mons¬trasyon nonplis egzistans gramè Kreyòl, pou moun ki toujou gen nan tèt yo vye lide konkozi Kreyòl pa gen gramè a, menm si sa te ka pase pou sa. (Sa fè m chonje tou on egzanp Franketyèn te bay on lè nan on konferans, m pi si se te nan Enstiti Al¬man Pòtoprens, an 1984: lè n ap gade on gason k ap mache devan nou, nou di ‘Gade bounda tèt nèg la!’, men lè se on fi nou wè k ap mache devan nou, pawòl sa a vire lanvè… Se pa de twa moun ki pa t griyen dan yo lè Franketyèn te di dezyèm fraz la! M si nou konprann pou ki rezon yo te ri a, e n ap fè menm bagay la tou!) Non, gen on bagay ki pi serye la a: ‘Se pa paske on moun montre ou dan l, ki fè ou oblije kwè se ri (osnon souri) l ap ri (osnon souri) avè ou.’ Gen de fwa, lè moun lan wè nou pa konprann, lè l santi nou pa wè sa k ap pase a, pou l pwoteje nou, pou l pwo¬te¬je tèt li tou, li oblije fè n konnen, li pa nan griyen dan avèk nou, li serye bon jan se¬rye, si n pa pran prekosyon nou, sa n ap chache a, n ap jwenn li, malè ka rive nou.
M ap ban nou garanti, lè se on chen ki griyen dan l, tout moun ranje kò yo. Paske yo konnen byen chen pa griyen dan l pou granmesi. Lè on chen move, premye sa ou wè, se dan l. On fason pou moun pa al mache di chen an mòde an trèt, lagè avèti pa touye kokobe.
Dan se zo! Zo pa nan kache. Zo pa nan sere. Gen timoun ki gen gwo zo, ki byen vini, tankou Matmwazèl Chantoutou. Gen lòt se lamègzo, se eskèlèt, se zomangay yo ye, menm jan ak Ti Sentaniz. Ti¬moun sa yo konn gen gwo dan tou. Dan yo konn twòp pou kò yo. Men sa pa vle di yo se griyan¬kon pou sa. Lè nou wè timoun sa yo, nou di se dan sèlman yo genyen. Yo gen dan pou tout fanmi yo. Dan pa nan kache. Dan pa nan sere. Paske dan se zo. Toutbon vre!
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com
Dèyè Pawòl
Gen Pawòl
avèk Wozvèl Jan-Batis
Bonjou ‘Entèl’ pa Laverite!
M pa chonje ki kote m tande pawòl la—m vle di sou kilès nan diferan radyo ayisyen m abitye tande sou entènèt la, osnon anba ki bouch m pran l bò isit la. ‘Bonjou Entèl pa laverite’, se on pa¬wòl m konnen lontan—m pa menm ka chonje depi ki lè m konnen l: kidonk m te toujou konnen l. Se on pawòl ki klè pou mwen, ki pa gen ni de ni twa sans nan tèt mwen: on sèl la: moun sa a se on moun pa gen okenn pawòl ki sot nan bouch li ki laverite. Li bay manti pou dan ri. Bay manti se metye l. Li malad. Kidonk se tè ki pou geri l—ak maladi bay manti a!
Sa k pi frape m lè m tande pawòl la, se de ki moun y ap pale a, Entèl la—gendwa tou se sa k fè m pa chonje ki moun ki t ap pale a. Entèl yo t ap pale a se te Prezidan Preval; se mwen k ajoute ‘Pre¬zidan’ an, paske yo te jis di: « Bonjou Preval pa laverite! » M tranble lè m tande pawòl la. M pa tranble pou moun ki di l la, pou konsekans sa ka gen pou li. M tranble pou kote nou rive ak pawòl nou jodi a, m tranble pou wòl pawòl vin genyen nan sosyete a. Nan vèsyon demokrasi pa nou an, san¬ble nou tout dakò nenpòt ki moun kapab di sa l vle, jan l vle, lè l vle, kote l vle, sou moun li vle, san l pa oblije bay prèv si sa l di a se sa. Sanble nou tout nou vin tounen disip Gwo Moso, nou repete pawòl mèt nou: Nou se Ayi¬syen di peyi, nou gen lalwa djòl nou!
M prèske anvi kase on pari pou m di gen on konplo mèt peyi a yo, mesyedam politisyen yo, fè pou yo lage ‘lalwa djòl’ la ban nou, san mezire, epi pou y ap ban nou an tchenkon ti dwa nou gen¬yen kòm kre¬tyen-vivan nan on ti konngout: dwa pou n jwenn manje, kote pou n dòmi, ti mo¬so levasyon, on ti swenyay… Yo se bon Ayisyen, yo konnen ‘pawòl pa tach’. Yo kite n pale. Yo fè kal¬kil nou pa p ka fè lontan ap bat bouch nou, paske n a vale twòp van, n a tonbe feblès… Men gen¬dwa se on move pari m kase tou: Mesyedam yo gendwa soud, osnon yo pa fin konprann sa pawòl la vle di toutbon…
Di bonjou gen on gwo wòl nan leve-jwenn nou. Depi nou piti, granmoun nou fè devwa yo, yo aprann nou di bonjou. Gen anpil timoun ki wondonmon: se pens ak pikwa pou granmoun rive fè yo desere machwè yo, ouvè bouch yo, pou yo di moun bonjou. Men, vle pa vle, prensip la antre nan tèt yo kanmenm—yo konnen si yo pase sou on moun, yo pa di l bonjou, se maledve.
Lè ou fin lave bouch ou lematen, fòk ou di tout granmoun nan kay la bonjou. Lè ou sot deyò tou, tout granmoun ou kontre nan vwazinaj la, se pou ou di yo bonjou. « Bonjou matant! Bonjou tonton! » Sizoka ou ta ‘bliye’ tou, y ap mande ou si yo te dòmi nan menm kabann avè ou ki fè ou ap monte sou yo san ou pa di yo bonjou a. Konmkwa on moun ki kouche bò kote ou, ou pa oblije di l bonjou—paske ta gen garanti moun sa a pa ka lènmi ou!
M pa kwè nou bliye pawòl sa a: lè ou pase sou on moun, ou pa di l bonjou, sitou si sa fèt plizyè fwa, li konsidere se lènmi l ou ye. Paske premye senbòl koupe fache ak on moun, se pase sou li san ou pa salye l, san ou pa di l bonjou—konmsi li pa t la, li pa t egziste. Lè ou pa pale ak on moun, lè ou pa byen avèk li, ou di ‘ou pa gen bonjou avèk li’.
Konsa tou, gen moun si yo konnen yo pa gen anyen ak on lòt moun, epi yo di moun lan bonjou, li pa reponn, y ap fè l konnen se pa vann yo vann li bonjou a, kidonk li pa koute l anyen pou l re¬ponn. Se gratis, ti cheri! Men tout moun granmoun: ou pa ka fòse on moun di ou bonjou, ni tou ou pa ka fòse l reponn ou si ou di l bonjou, sitou si moun lan pa santi l nan nòmal li, si l mal dò¬mi, si l fè move rèv…
Se afè pa moun lan. Men tou, li te mèt priye Bondye pou kouran jounen an li pa oblije al man¬de pyès kre¬tyen-vivan ki wout pou l fè pou l rive kote l bezwen. Paske se on bonjou ki pou ouvè pòt pou li. « Di bonjou montre chemen! », se sa nou di. E se sa esperyans lavi nou demontre. Pre¬mye pa¬wòl nou tande nan Ti Sentaniz (M. Siksto) pati konsa: ‘Bonjou madanm pi bon pase konn la¬wout. Pou ou al wè koze sa a byen, se bò Chapèl Sen Wòk. Moun Bò Chapèl, depi ou gen on bon¬jou nan bouch ou, y ap monte jous Mòn Tayfè, jous Mòn Malanga, pou y al montre ou nen¬pòt ki kay.’ Men lè ou al man¬de wout ou san ou pa di bonjou, si ou gen chans, ou tonbe sou on bon moun, l a voye ou al kay Madan Bonjou; men si ou an devenn tou, ou al tonbe sou Monkon¬pè Teyofil (M. Siksto), l ap voye ou al fè letou peyi a, l ap ‘voye ou al rekonnèt ou’—kidonk al pèdi pou ou aprann lizay.
Kèlkelanswa jan nou chache, kèlkelanswa jan nou fouye, nou pa p jwenn okenn move dosye sou prezans bonjou—se absans bonjou ki kreye pwoblèm. Bonjou se pawòl ki pi dous, ki pi swa ki ka genyen. Si nou ka rive konsidere bonjou on moun pa laverite, sa grav: nou vle di se on bon¬jou moun lan pa di nou ak tout kè l, on fo bonjou, on bonjou pyèj, on bonjou trèt, on bonjou lèn¬mi. Nou vle di nou pa fè pyès pawòl moun sa a konfyans!