Nan okazyon fendane a, anpil fanatik Dèyè Pawòl voye souwè pou kwonik lan. Se on gwo satisfaksyon lè on moun, ou fin patisipe nan kreye yon fowòm lide, epi ou wè li sanble li ka fè wout li pou kont li, san pyès moun pa bezwen konnen si ou la. Pa oblije gen jalouzi, sitou lè anpil nan souwè yo se ankourajman pou kwonik la ka kenbe la, tennfas. Okontrè, fò nou di tout fanatik yo mèsi. Men gen on souwè ki mande pou m parèt tèt mwen: yon fanatik swete pou Dèyè Pawòl retounen nan ‘fòma orijinal’ li a, pou gen plis ‘esplikasyon pawòl nan lang pase pawòl politik’.

M konprann pwoblèm sitwayen an: nan twa premye ane li yo, Dèyè Pawòl pa t tèlman konn suiv evennman k ap pase, li te lwen reyalite politik chak jou—politik li te plis chita sou sans pawòl yo pote soti depi digdantan, sans ki pèmèt nou konprann sa nou ye jodi a. Souwè lamitye a byen tonbe, paske m te tou gen on pawòl konsekan pou m kòmanse kozman senkyèm ane Dèyè Pawòl.

Pandan ane 2008 la, m suiv sou entènèt anpil emisyon radyo k ap fèt ann Ayiti, e m pran anpil nòt tou sou pawòl ki pale nan emisyon sa yo. Youn nan emisyon m te koute anpil, se ‘Nou tout anndan’, on emisyon Soni Esteyis prezante sou Radyo Kiskeya. M renmen lide ki dèyè tit emisyon an: si nou tout anndan, pa gen moun ki (rete) deyò, pa gen moun andeyò; se on sèl peyi a ki genyen, tout moun anndan menm peyi a. Emisyon an pèmèt nou tande vwa moun andeyò k ap pale de lavi yo, k ap di jan se ak zong yo y ap goumen ak tè a pou yo fè l pwodui manje … pou tout peyi a! Bourik travay, chwal galonnen. Men lè nou pran tan pou nou koute, nou gendwa pati vwayaje byen lwen sou zèl pawòl ki pote bon sans nou on kou siprann…

Gen yon emisyon m chonje kote on kiltivatè t ap pale de bannann. M te sezi tande kantite travay ki oblije fèt pou on grenn bannann (bannann fran, bannann miske, bannann poban osnon gòzbòt), pou on grenn fig (fig mistwòkèt, fig kouyak) ka rive vin vann nan mache. Bannann mande anpil swen, se tankou on timoun. E menm lè ou panse ou fin chape on pye bannann, pa kouri al pran metsin, pa al fè kredi, paske ou pa janm konnen: ou ka leve on bon maten, ou pa wè bannann lan—ou gendwa wè pye bannann, men ou pa jwenn rejim lan. Paske mèt li pran l. Paske asosye ki te ede ou plante bannann lan, li pase, li prann penn pa l. Adye! Koze a di pa konte ze nan vant poul, men yo bliye di pa konte sou bannann nan pye.

Men se pa pawòl kou siprann lan sa: pawòl kou siprann lan se on pawòl “Bannann se manje van!” Sa pawòl sa a vle di? Sa nou konprann nan sa? Èske nou ka imajine ki pawòl ki te mennen pawòl bon sa a? Se vre m te suiv tout koze a, men ondire depi m fin tande kiltivatè a di pawòl ‘bannann se manje van’ an, tou sa m te tande ni anvan ni apre fonn nan tèt mwen tankou on bon bè.

Premye lide ki pase nan tèt mwen an, m refize admèt li: si bannan se manje van, enben bannann se manje ki bay gaz, paske lè gaz anpare ou, ou balonnen konmsi vant ou te ple van, konmkwa se te nan on ponp gazolin yo te pase avè ou pou yo ba ou van. M refize admèt lide sa a, paske li pa mache ak on lòt lide yo mete nan tèt mwen depi m piti: lè on moun gen gaz, ou manje kèk bon bout bannann fran pou ou peze gaz la, on jan pou ou ka rann li, kèlkeswa jan ou rann li an! Se konsa Ton Sebyen te konn fè: li te tèlman gen gaz nan vant li, yo te konn di se on avantaj pou fanmi an, paske nou pa bezwen achte gaz ankò pou nou met nan lanp nou… Kidonk pawòl ‘bannann = manje van = manje ki bay gaz’ la pa fè sans.

Sou menm ribrik sa a, m oblije kouri lwen on lòt lide, on lide ki ta vle fè m panse ‘bannann se on manje ki pa enpòtan’. M si nou konn tande lè yo di on moun ap pale kredi, l ap pale pawòl anlè, pawòl van, tankou m ta di nou se ta on pawòl rans, on pawòl san valè, on pawòl ki pa gen nanm. Pou mwen menm, menm si bannann pa ta fè pri, pa gen jou pou nou ta konsidere bannann se on ti bagay neryen, sòf si se ta on ti bannan petevi, on ti bannann wòwòt, osnon on bannan ki koule… Nou konprann lide koule a, pa vre? Se pa koule tankou bagay ki pa ka kenbe likid, k ap pèdi jèvrin li. Gendwa se on malfektè de pye ki lonje dwèt sou bannann lan, fè l koule tankou on jomou, osnon on malfektè envizib, ki parèt tankou on gwo kout van, vin lage bannann lan atè.

Antouka, lè se on kout van ki pase epi li ratibwaze dènye ras bannann, tout moun oblije dakò se manje van an manje bannann lan. E lè sa rive souvan, lè pyès kiltivatè pa ka konte sou on rekòt bannann tout tan li pa koupe bannann lan, paske dènye mo a on kout van ki pou di li, gen rezon pou yo di ‘bannann se manje van’. Kidonk gen anpil chans pou se anba dan van bannann lan al fini. Adye!

Sans manje sa a, nou abitye avèk li. Li sèvi nan lòt sitiyasyon tou. Pa egzanp, on bèt ki toujou ap kouri travèse lari, san l pa vire gade ni anwo, ni anba, esperyans granmoun toujou di se on malè pandye ki sou tèt bèt sa a: se on bèt k ap mande plas devan nan machin. Yo gendwa tou rele l ‘manje machin’.

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Leave a Reply