Gen on sitwayen ki fè m remake, sou fòm repwòch, m po ko antre anndan vant mo ‘dedi’ a; li sispèk mo a gendwa gen vire tounen ladan l anpil moun ka pa fin konprann. Abitid se vis! Se vre m toujou fè pawòl m ap travay sou li a pale depi an lagan, men m chwazi nan seri sa a pou m fèmen ak pawòl la pito—m pi enterese nan chache konnen ki moun k ap simayen pawòl konmkwa prezidan an ta dedi a. Fò nou chonje tou, depi nan premye kwonik lan, m te di koze ‘dedi’ a se on pawòl adousi kèk sitwayen byennelve chwazi nan plas gwo pawòl derespektan pifò politisyen ap lage sou diyite prezidan an…
Chwa pou m antre nan kesyon an jan m fè l la, se plis tou paske gen on pawòl senatè Jozèf Lanbè te lage ki fè konprann moun k ap pale prezidan an mal jodi a, antre nan santiman l, derespekte senbòl prezidans lan, se moun ki te konn abitye nan kòkòday ak prezidan an, moun ki jounen jodi a pèdi plas yo nan manmèl bèf la. Èske se vre? Èske tout moun nèt k ap bat chalbari dèyè prezidan an se moun prezidan an bay koutba?
Depi semenn pase m te koumanse reflechi sou ka agwonòm Pyè Leje a, ansyen prezidan Chanm Komès Sid la, ki nan biznis transfòmasyon vetivè. Pyè Leje se te youn nan pi gwo sipòtè kandida Rene Preval. Li te di li dèyè kandida a 500 pou 100. Men rive avril 2008, Pyè Leje te gentan ap mande pou prezidan Rene Preval bay demisyon l. Pou msye jistifye pozisyon l lan, li deklare (al tcheke yon atik Mavèl Danden, Radyo Kiskeya, ki te poste sou sit entènèt Radyo Karayib nan dat 7 avril 2008: “Evennman nan Sid: prezidan Chanm Komès Sid la, agwonòm Pyè Leje, mande pou chèf Leta a ak chèf Gouvènman an bay demisyon yo”) sa pase l pa oubli lè l vote pou Preval ak platfòm Lespwa a an 2006—li te bliye dega fo refòm agrè Preval te fè nan Latibonit sou premye manda l la, se refòm sa a ki reskonsab pwoblèm ki genyen an 2008 yo.
Èske nou pa ta dwe etone si apre deklarasyon sa yo an 2008 nou tande Pyè Leje ap pote kole ak gouvènman an? Mwen menm, m sezi wè nan dat 9 janvye 2009 Pyè Leje te youn nan 20 manm on komisyon prezidansyèl sou konpetitivite yo t ap andoye ofisyèlman. (Pa sanble se lèt li t ap chache nan manmèl bèf la: se te on komisyon benevòl—pa t gen touche, pa t gen mete zèb nan bouch!) Nan yon atik ki parèt sou sit Radyo Metwopòl (metropolehaiti.com) nan dat lendi 27 avril 2009, “Pyè Leje mande pou yo defini yon plan pou fè agrikilti a redemare”, jounalis la ekri menm si Pyè Leje se manm komisyon prezidansyèl konpetitivite a, sa pa anpeche li kritike otorite gouvènman yo byen kritike. Endistriyèl la di si peyi a an fayit se paske dirijan yo sòt. “Ayiti pa pòv, se sèvo nou ki pòv.” Ki rezon ki fè l asepte patisipe nan komisyon an? Pou l ka bay kontribisyon l nan preparasyon on demen miyò pou jèn yo.
Gwo devire sa a montre nou on grenn bagay: se moun ki konnen ou ki ka pale ou mal. Se zanmi ou ki konnen ou, lennmi ou pa konnen ou. Politisyen (tankou K-Plim, ‘Chwal la’) ki te nan fè plan ak prezidan Preval osnon endistriyèl Pyè Leje ki te kanpe 500 pou 100 dèyè kandida a gen dwa pou yo santi yo pran kou paske kanmarad la trayi yo. Men èske se vre kanmarad la trayi yo toutbon? Èske kanmarad la te fè yo pwomès? Èske gen on pawòl kanmarad la te di yo ki fè yo ka di li ‘dedi’ jodi a?
‘Dedi’ se on pawòl ki enteresan. Ki jan on moun ka fin ‘di’ epi pou l annile on fason otomatik efè sa l te di a, konmsi li pa t di ditou? Se wòl prefiks ‘de-’ a k ap debat la a: de + koud, de + mare… On aksyon fin fèt, epi yo de + fèt li. Men èske ‘dedi’ se yon aksyon? An nou konpare l ak ‘depale’. Nan depale, gen ‘chanje lang’, ‘chanje pawòl’, ‘chanje fòm’ pawòl ki te fin pale a. Sou emosyon, sou chòk, moun depale. Yo nan ‘te-te-te’… Sitiyasyon fè aksyon.
On pawòl ki fin di se tankou on rezilta: moun gen tras sa k te di a nan memwa yo osnon nan men yo sou fòm ekri. ‘Dedi’, fòseman, se on rezilta tou: se pa suiv, pa respekte sa ou te fin di a… kit ou te di l ak pawòl pale, kit ou te di l ak pawòl ekri.
Nan fè rechèch pou seri kwonik sa a, m tonbe sou yon atik nan volim 84 ‘Washington University Law Review’ (Jounal Fakilte Dwa Inivèsite Wachintonn): “Can the President “unsign” a Treaty? A Constitutional Inquiry” (Èske prezidan an ka ‘desiyen’ yon trete? Yon ankèt konstitisyonèl). Atik sa a se sou desizyon prezidan Jòj Bouch pou l pa respekte siyati prezidan Klennton te mete sou Estati Wòm, Tribinal Penal Entènasyonal la. Tèks anglè a di “unsign” (= un + sign), kidonk “desiyen” (= de + siyen). Ki jan sa pral fèt, lè n konsidere se pa menm siyati pa l prezidan Bouch vle retire a, se siyati on prezidan ki te la anvan l?
Nan premye fraz atik la, otè a, Luke A. McLaurin, ekri: “An me 2002, Prezidan Bouch deklannche on pakèt kontwovès nan kominote entènasyonal la ak desizyon li t apral pran pou l
‘desiyen’ Estati Wòm, Tribinal Penal Entènasyonal la, on gwo trete miltilateral.” Nan on ti nòt, otè a esplike “nan tèks sa a, mo ‘unsigning’ lan sèvi pou n pale de pwosedi on Prezidan eseye suiv pou l defèt osnon annile efè on trete ki te deja fin siyen. Jès Prezidan Bouch la, se premye fwa on lidè eseye, nan nivo nasyonal osnon entènasyonal, sèvi ak pwosedi sa a.”
M pa konnen ki pwomès Prezidan Preval te fè asosye l yo. Si l dedi, m pa konn sa l te di. Pa gen dosye…
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com