Pandan wikenn lan, m te gen chans pou m li, pou m tande tou, on pakèt kòmantè sou sa k ap pase konnye a ant Prezidan Preval ak klas politik la ann Ayiti. M rive konprann—daprè esplikasyon Senatè Jozèf Lanbè, senatè Sidès, ansyen prezidan Sena a, ki deklare li se on senatè “ki trè, trè pwòch pouvwa a”—pami tout moun k ap bay prezidan an tout kalite non yo, genyen, pa gen twò lontan, ki te nan bon jan kòkòday ak prezidan an. Kidonk se yo menm ki vire do bay prezidan an pou rezon pa yo, jis rive nan pwen pou y ap mande pou prezidan an bay demisyon l: se pa prezidan an ki ni fè manti ni dedi.
Senatè a kase met nan men tout moun ki pran lari ak bann rara yo, ap chante: “Vle pa vle, fò l ale!” (Sanble se pi gwo pwoblèm senatè a!) Li di si chwal la ap ranni konnye a, se paske yo (pouvwa a osnon prezidan an) pa met zèb nan bouch li ankò. ‘Chwal la’, kidonk K-Plim, te konn nan palè ap manje pate, gato, bwè diven ak prezidan an, pase men nan kou prezidan an, nan bo, ri, bay lanmen, menm fè plan (plan 25 an) ak prezidan an… pou yo dirije peyi a ansanm. (Chwal la pa gen zèb nan bouch li, men li pa gen brid nan bouch li tou nonplis: li di sa k ta anòmal, se si on cheval ta tonbe nan pran dwòg olye l desann kèk pake zèb, manje natirèl li… Se on pawòl ki apèn andaki: K-Plim vle fè senatè a chonje yo te nonmen non l nan trafik dwòg apre on bato yo di ki te anrejistre sou non l te fè nofraj Tibiwon le 2 septanm 2007. Se youn nan pwoblèm peyi sa a: lè yo fin nonmen non moun, akize yo, yo nan move zafè, pa gen anyen ki fèt ankò: sa rete la: Konmisè Gouvèlman pa kontinye envestigasyon, ni sitwayen yo, yo menm, pa mande reparasyon poutèt yo sal non yo!)
Sa k enteresan pou nou nan tout pawòl sa yo, men li: moun k ap pale prezidan an mal jodi a, derespekte senbòl prezidans lan, se moun ki te fanatik prezidan an yè. Sa lage m nan reflechi, nan fè rechèch.
Pa gen twò lontan—m pa ka garanti dat la, men se te apre Prezidan Preval te fin vizite depatman Sid, jedi 4 mas 2010 la—Msye Pyè Leje, ansyen prezidan Chanm Komès Sid, agwonòm, endistriyèl ki nan biznis transfòmasyon vetivè, ki gen izin vetivè pa l, nan entèvyou li fè nan plizyè radyo, te rele prezidan an “mantè” ak on bann lòt non ankò. Pyè Leje t ap reyaji sou deklarasyon prezidan an fè Okay, konmkwa se ta ‘Ti Pyè’ (kidonk Pyè Leje li menm) ki po ko ba l dosye yo ki fè l po ko kòmanse kèk gwo pwojè… Èske se pwojè ayewopò Aken an? Osnon pwojè inivèsite sou abitasyon Kan Jera a, eritaj fanmi li, Pyè Leje di li t ap fwote nan bouch gouvènman an? Pyè Leje estonmake: li deklare li gen prèv (dokiman yo te siyen ba li) li te depoze dosye yo depi sou premye manda prezidan an.
Nan fouye chache, m jwenn Pyè Leje te youn nan pi gwo sipòtè kandida Rene Preval an 2006. Men pawòl li, jounal ‘Associated Press’ rapòte le 9 fevriye 2006: “M dèyè Preval 500 pou 100, paske Preval bay rezilta. Li pral desantralize ekonomi an pou l remete l kanpe sou de pye l.” Nan menm epòk la, ‘Haiti News Roundup’ (18-21 fevriye 2006) site deklarasyon Pyè Leje fè: “[Preval] pral youn nan meyè prezidan Ayiti paske li koute moun.” (Nou ka souri, panse Pyè Leje se on fanatik fou osnon on moun ki nayif, si n ap li pawòl sa a ak konnesans nou genyen de prezidan Preval an 2010. Men gendwa se on konparezon msye t ap fè ant kandida (ansyen prezidan) Rene Preval ak Aristid, yo di, ki pa t janm koute pyès moun!)
Ann avril 2008, bon dezan apre Prezidan Preval fin prete sèman pou dezyèm manda a, gen yon atik Mavèl Danden, Radyo Kiskeya, ki te poste sou sit entènèt Radyo Karayib nan dat 7 avril: “Evennman nan Sid: prezidan Chanm Komès Sid la, agwonòm Pyè Leje, mande pou chèf Leta a ak chèf Gouvènman an bay demisyon yo”. Tit la fè m sezi. Ki sa k pase ki lakòz on 500 pou 100 sipòtè vin tounen plis pase on 100 pou 100 opozan dezan sèlman apre kandida l la fin pran pouvwa a?
Aktik la kòmanse ak pawòl sa yo, ki soti nan bouch Pyè Leje: “Depi prezidan Rene Preval te fin fè deklarasyon nan Plato Santral pou l di li pa ka fè anyen pou popilasyon an, mete sou li deklarasyon premye minis Jak Edwa Aleksi ki pati nan menm sans lan, m konsidere yo tou le de kòm moun ki bay demisyon yo, e yo ta dwe demisyone menm piske rejim yo a se on gwo echèk.” Pyè Leje t ap pale de pawòl “pa ka fè mirak”, ki te sot nan bouch prezidan Rene Preval, ak pawòl “pa ka fè san sot nan wòch”, ki te sot nan bouch premye minis Jak Edwa Aleksi, pawòl touye lespwa 2 lidè Lespwa. Atik la kontinye konsa: “Evennman ki pase Okay yo, ki pase lòt kote lannsid la ak nan lòt depatman peyi a, yo te previzib, e yo pral pase nan tout rès peyi a. … Pèp la grangou, epi minis yo yo menm, ansanm ak chèf Leta a ak chèf gouvènman an, pa t gen okenn plan. Yo pa konn peyi a pyès, epi dayè se on ti pati nan Repiblik Pòtoprens lan y ap gouvènen, Channmas la (zòn kote Palè nasyonal la ak biwo ministè yo ye) ak katye Primati a nan zòn Miso (kote biwo premye minis la ye).”
Si n panse nou gentan konprann pou ki rezon Pyè Leje depi an 2008 ap mande pou prezidan Preval bay demisyon l lan, nou on ti jan twò prese. “Sa k pi grav la, sitwayen an deklare, gouvènman an pa prezante okenn politik agrikòl. Ministè agrikilti merite pou yo fèmen l pou yo repanse l. Se on sèl bagay agwonòm nan ministè a ap raboure: moso papye.”
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com