Mèkredi 9 septanm 2009, etan prezidan Obama te devan depite ak senatè yo nan Kongrè a, ap fè on diskou sou refòm nan sistèm asirans sante, nan moman li rive nan pati kote l ap di moun ki ilegal nan peyi a pa p benefisye nan refòm lan, gen on depite Kawolin di Sid, on repibliken, Djo Wilsonn (Joe Wilson) ki pa t ka kenbe on kritik li te gen sou lestonmak li kont sa prezidan an t ap di a, epi li lage l byen fò: “You lie!”—“Ou manti!”

Tousuit apre diskou a, demokrat kou repibliken pati ak on bò msye, di l se pa lizay. John McCain (Djonn Makenn), kandida repibliken ki te pèdi eleksyon prezidansyèl la devan Obama, deklare se pou Wilsonn mande prezidan an eskiz imedyatman. Menm aswè a, depite Djo Wilsonn rele biwo prezidan an pou l di: “Aswè a, m kite emosyon pati ak tèt mwen. Se vre m pa dakò ak deklarasyon prezidan an, men reyaksyon m lan deplase. M regrèt sa m di a. Se on mank lizay. Ak tout senserite m, m prezante eskiz mwen bay prezidan an.”

Gen 2 rezon ki fè m vin sou epizòd sa a jodi a. Premye rezon an: nan kòmantè politisyen, analis politik ak jounalis te fè sou aksyon depite Wilsonn lan, yo te ensiste sou valè ‘enstitisyon prezidans lan’, kidonk sou fonksyon prezidan an anndan sistèm lan, pa sou prezidan an li menm kòm moun. Kèlkeswa moun ki te prezidan an, depi l ap aji nan fonksyon l kòm prezidan, diyite fonksyon prezidans lan kouvri l ak respè a. Ou gendwa pa respekte moun lan li menm (poutèt mank karaktè l, poutèt li se on kreten, poutèt li pa gen menm filozofi politik avè ou, osnon pou nenpòt lòt rezon), men fò ou respekte diyite fonksyon an.

Dezyèm rezon an: depi de twa semèn m ap reflechi sou jan m tande politisyen ak lòt zotobre koni ann Ayiti ap pale de prezidan an, Msye Rene Preval, nan radyo, kidonk an piblik. Sitou apre vòt 2 chanm yo—depite yo, le 6 me; senatè yo, le 10 me—pou yo aksepte pwolonje manda prezidan an rive 14 me 2010 jan prezidan an te mande yo. Pawòl ki plis ret nan tèt mwen, se pawòl ‘Prezidan an se on mantè’, ‘Prezidan an fè manti’, ‘Prezidan an bay mantò’… Men gen on lidè politik ki deklare li pran prekosyon l pou l pa bay prezidan an jan de etikèt sa yo, paske li pa ta renmen pou timoun k ap koute tande l ap bay prezidan an non. Apre prezidan an fin deklare “Si eleksyon pa fèt, n ap antre nan enkonstitisyonalite. Nou pral fè tou sa k posib pou eleksyon fèt avan ke m ale le 7 fevriye 2011.”, lidè a deklare: “Ce n’est pas vrai!”—franse a, dapre li menm, ta amòti chòk lide a… Se pa on kesyon ‘diyite fonksyon prezidan’ ki enpòtan pou politisyen an, se on kesyon edikasyon moun lakay li te ba li.

M poze tèt mwen kesyon an, m ap poze nou l tou: Èske pou nou, nan jan nou te pran sa nan grandi nan peyi nou, gen diyite nan fonksyon prezidan an osnon nan nenpòt lòt fonksyon? Diyite mache men nan men ak respè. Nan youn nan sans diyite, nou jwenn “valè on moun, osnon valè on bagay, ki fòse yo respekte l”.

An 2008, m te ekri on seri 4 kwonik ki rele “On sistèm respè Gwo Moso”. Gwo Moso pa nan respè pou respè; respè pou Gwo Moso baze sou ‘konn moun’. Lè on lavèy Nwèl, Gwo Moso abiye l byen fen pou l al pran plezi l, epi on ti kaporal nan ti pòs Bèlè a mande l: “Ala fen, nonm sa a fen, kote ou prale?”, san bouch li pa tranble, Gwo Moso reponn li: “Ou pa ka mande m de bagay konsa, m pa timoun. Kouman ou fè pou ou rete m nan lari pou ou mande m kote m prale?” Kaporal la kòm chèf, ak tout senbòl chèf la sou zèpòl li, pa kache sezisman l: “O! O! M pa t konnen ou te gen tou sa sou ou non.” Kaporal la fonksyone nan menm ‘sistèm respè Gwo Moso’ a tou: li pa wè okenn siy ki pou ta fè l kwè Gwo Moso se on gwo chèf, on makout lou. Gwo Moso pwofite okazyon an pou l fè jandam lan chonje prensip la: “Se paske ou pa chache konn ki moun k ap pase pou ou pale avèk li. Se Gwo Moso wi, k ap pase la a.”

Nan sistèm respè Gwo Moso a, tout moun se chèf, depi ou ka konpòte ou kòm chèf, depi ou ka bay demonstrasyon chèf. Sa pa mande anpil: moun ki (kwè yo) chèf, yo gen pwoblèm pou yo pale byen ak moun. E kòm bouch te fann ak tout dwa pawòl la ap pandye ladan li, se kontwòl sistèm sèlman ki ka mete regleman nan jan pawòl pati. Sa sa vle di ‘kontwòl sistèm’?

“Nou se Ayisyen di peyi, nou gen lalwa dyòl nou”, tankou Gwo Moso ta di. Pa gen kesyon pou moun ap vin mete kadna nan bwat pawòl nou, pou moun ap vin anpeche n pale. Pa gen kesyon pou atache ak toutè sistèm kraze zo ap veye bouch nou pou yo ranmase pote ale. Pa gen kesyon tou pou nou oblije aprann pale an daki pou chèf pa konprann sa n ap di. Non, kesyon an se pou n aprann pale ak respè, etan n ap pale lib e libè. Se pou n aprann konnen de ki sa n ap pale, paske pawòl pa sot nan bouch, pawòl sot nan tèt. Kesyon an, kèlkeswa moun nou ye, kèlkeswa fonksyon nou, se pran responsablite pawòl nou.

M pa etone lè m tande on foul moun ki pran lari ap rele anmwe, voye pawòl tout koulè pou defigire diyite prezidans lan, men m pa konprann kouman lidè politik ak tout kalite zotobre ap pale de prezidan an, ap pale ak prezidan an (wi, yo toujou fè prezidan an konnen yo konnen l ap koute), di l li se on mantè. Youn nan sitwayen ki t ap manifeste yo sanble li gen plis sajès: pou li, prezidan an dedi… Men sa a se on lòt koze, pou lòt semenn.

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *