Lè m t ap reflechi semenn pase a sou pawòl ki mache ak “Lè ou sere, ou chofe!” a, gen on lide ki t ap ting-ting mwen on jan an maskay, konmkwa li pa t vle twò rete panse m sou kous li. Se nan Samdi m vin wè ki madigra ki t ap fè m pè a, lè lide a vin pran fòm li atò. Nan yon sit entènèt kote y ap pale de afè lajan (http://money.aol.com/special/places-to-hide-money), m jwenn yon atik ki rele “Crazy Places People Hide Money” (kidonk: Kote nou pa ta imajine moun sere lajan). Atik la fè m chonje lè m t ap pale de ‘sere lajan’, m pa t konsidere youn nan rezon enpòtan moun sere lajan osnon lòt bagay enpòtan yo genyen: pou pwoteje lajan yo, osnon byen yo, kont moun ki gen gwo tanta, moun ki ta ka vin mete lapat sou yo.

Pawòl ki te pi enterese m nan atik sa a pati konsa: “Nan sere lajan, pi bèl sitiyasyon an, se lè menm moun ki te sere lajan an, li pa ka chonje kote li te sere l. Sa rive on fi ki jwenn on 500 dola li te genyen nan kazino Las Vegas nan on vye manto li te gen sou li, epi li pa t mete l ankò depi konbyen lanne.”

Koze sa a fè on pakèt souvni monte nan tèt mwen. M chonje Grann Sesil ki te toujou ap mande Bido pou l ede l chache on bagay: “Tanpri, pitit mwen, m te gen on papye pyas nan men m yè, m pa konn kote m lage l. Wè si ou jwenn li pou mwen, tanpri.” Grann Sesil, se jan de moun yo di ki konn sere yo. Li tèlman konn sere, lè pou l jwenn on bagay li te sere on kote, se koukouwouj pou tout moun nan kay la lage dèyè bagay la.

Pwoblèm Grann Sesil, se paske li sere toupatou. Gen on rezon pou sa: nan mande moun pou yo ede l chache sa l te sere, tout moun vin dekouvri tout kalite twou kote Grann Sesil sere trimès li. Nan konsa li oblije sèvi ak fòs imajinasyon pou l kreye diferan twou pou l sere trimès li. Men memwa kabre granmoun…

Grann Sesil sere lajan tout kote tout lòt moun yo abitye sere lajan tou jan nou te wè sa semenn pase a—kit se te anba matla, kit se te anndan zorye, kit se te nan bwat segre, kit se nan on twou li te fouye. Men youn nan kote Grann Sesil te pi renmen sere lajan se te nan très cheve l. Se sa k fè timoun yo te renmen al grate tèt li, fè kap pou li, pran pòz y ap rache cheve blan, detrese chak très pou yo retrese l, etan Grann Sesil ap tire kout tèt. Timoun yo te konn jwenn 10 kòb, 20 kòb, osnon 50 kòb—se te nan tan anvan adoken. Grann Sesil pa t janm manke kliyan… Li konnen menm pou ki rezon li gen tout kliyan sa yo… Pandan timoun yo nan tèt grann lan, yo tou pwofite tcheke pwent mouchwa tèt Grann Sesil: se on kote li te renmen mare lajan papye. Anpil fwa, menm si yo jwenn pwent mouchwa a mare, li pa gen pyès lajan ladan l. Se abitid ki lakòz kat ne nan kat pwent.

On lòt kote tout timoun te konnen pou y al tcheke tou, se te anba tapi—anba tapi tab, anba tapi deswa, anba tapi gadmanje: yo nèk glise men yo sou tab la, tate toupatou pou yo wè si yo santi on ti fòm plat, won anba men yo. Si yo pa jwenn anyen la, y al tcheke pa dèyè kannari a—wi, Grann Sesil te konn sere lajan dèyè kannari a! Èske se pou l te ka rete fre? Pyès moun pa t janm mande l lè l te vivan.

Lè timoun yo, ti delakè yo, chache toupatou kote yo konnen Grann Sesil te konn sere lajan, epi yo pa jwenn anyen, yo oblije reziyen yo, paske lamama a se sou grann li ye. Pa nan cheve l—yo ta gentan jwenn li. Yo konnen, dapre sa Bido te di on fwa, si Grann Sesil gen on kòb sou li, se nan tayis li ye. (Sanble Bido te al sote sou Grann ki t ap retire kòb la nan tayis li!) Nou dwe ap mande ki sa k ‘tayis’ la? Se on mo m ap tande depi m piti; chak fwa m tande l, se toujou nan okazyon on moun ap pale de on bagay (on papye enpòtan, on mesaj sekrè, lèt damou, lèt kondanasyon, osnon lajan) on fi sere nan soutyen li.

Tayis la, tout moun oblije dakò, se pi gwo kòfrefò Grann Sesil te ka genyen. Malgre Bido te konn di l: “Grann! Fètatansyon, wi! M tande plizyè moun ap di kote ou sere lajan an, sa gendwa ba ou kansè.” Grann Sesil reponn: “Ou pa bezwen pè pou mwen, pitit mwen. M toujou vlope kòb mwen nan papye anvan m mete l nan tayis mwen. Epitou, kote ou soti ak pawòl kansè sa a? Gran gran gran grann mwen te konn mete lajan l menm kote a.”

Souvni Grann Sesil prèske fè m bliye se pa lajan ak bagay de valè sèlman yo konn sere. Yo konn sere moun tou. Oubyen moun lan konn al sere tèt li on kote, kidonk al kache. Yo konn dèyè on moun pou rezon politik, osnon gendwa se on moun lapolis osnon atoufè dèyè l, epi li jwenn on lòt moun ki ba l on kote pou l sere. Moun lan pran rak, l al sere andeyò, konsa tou yo konn rete lavil, kache anndan on kay.

Etan m ap fin ekri kwonik sa a, jodi Madi 24 Mas 2009 la, m ap tande, sou ‘Vision 2000’, emsyon ‘L’Invité du jour’: envite a se on Sibstiti Konmisè Gouvèlman Pòtoprens, Mèt Vladimi Yayo, nouvèl rapòte ki met zèl nan do l poutèt yo t ap fè mannèv pou yo te arete l vandredi yè a nan on dosye gwo lajan. Mèt la fè konnen vrèman li pa nan peyi a—kidonk li nan kache. An nou di li sere on kote… men l ap suiv tout bagay k ap pase!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *