Lòtrejou, etan m al achte nan on makèt, gen on ekran yo mete la lè ou rive bò kès la pou ou al peye ki la pou fè reklam sèlman—konmkwa pou yo fè ou chonje si ou ta bliye on bagay, os¬non tou pou yo vin tante ou. (M ap fè deba ak tèt mwen pou m wè si se te on televizyon, men m pa si, paske se reklam sèlman li t ap bay). Nan youn nan reklam yo, sanble se te on reklam pou kouchèt, gen on tibebe nèf mwa, ennan, ennan edmi konsa, ki te pike tèt li a tè, mete de men l a tè, epi ap gade dèyè nan fant janm li ki louvri. Lide ki pase nan tèt mwen lè sa a, se ta pou m ta giyonnen tibebe a, ti inosan an, rele l “Janm kanbral! Janm kanbral!” Men gen on madanm li menm, ki te kanpe dèyè m lan, ki di: “Se dat m pa wè timoun k ap rale lòt!”
M konn imaj la tou, men se pa li ki te vin nan tèt mwen an premye. Gendwa se paske on manman dwe pi sansib sou kesyon tibebe k ap rele lòt. Doulè on fanm se pou on lòt, tankou Siksto ta di. Lè on timoun ap rele lòt pi gwo doulè a se pou manman an li ye … paske se li menm ki pral pote lòt la! Men annou mete n dakò anvan sou sans pawoli a.
Annou kòmanse ak diferans ant ‘rele’ ak ‘rale’—on ti ankèt m te fè anvan m kòmanse travay sou atik sa a fè m konprann gen konfizyon nan tèt kèt moun sou de mo sa yo. Nan on fanmi kote ki gen anpil pitit, premye a gendwa di li rale osnon mennen on ekip timoun dèyè l, kidonk on ekip ti frè, ti sè. Lide ‘rale’ a, se lide se premye pitit la ki bay tout lòt yo chemen, se li ki fè wout pou yo. Nou konn tande premye pitit ap di pi piti k ap fè derespektan avè l: “Sispann derespekte m! M pi gran pase ou. Se ou ki vin apre m. Si m te touye manman m, ou pa t ap la jodi a!”
Pa gen anyen ki di on timoun ki rale lòt dèyè l pa ta ka nan rele lòt tou. Aksyon yo pa menm. Youn pa anpeche lòt. ‘Rele lòt’ fèt dapre jan nou te wè l nan kòmansman an, selon imaj m te montre nou an. On timoun k ap rele lòt pa gen konsyans de esperyans la, ni tou li pa ka gen souvni de sa. Se manman tibebe a, ki wè l fè aksyon an, k ap leve de bra l anlè, mande lesyèl padon pou ti inosan an ki pa konnen konsekans sa l ap mande a. (Timoun mande gonbo cho, ou ba li l nan plan men!) Manman konn lage pawòl majik tou, konmkwa pou l ta detounen entansyon timoun lan: “Afè ou bon, ou ap rele lòt! Si m te ou, se pa sa sèlman m ta fè.”
Podyab ti malere a! Li pa t janm di li t ap rele lòt, men se konsa pawòl la pati nan leve-jwenn lan. Pou ki rezon ki fè yo di sa? Èske gen rezon pou sa? Èske se esperyans k ap pale? M sispèk gen nan nou ki gendwa gen repons lan…
Poblèm ‘rale’ ak ‘rele’ a regle, men gen on lòt gwo kesyon m ta renmen debat avèk nou, on gwo kesyon sou do on ti mo tou kout: lòt. Kon m tande madanm lan nan makèt la di ‘rele lòt’ la, m konprann tousuit. M pa mande de ki lòt l ap pale a, ni ki jan tibebe a pral rale l. M te gentan konprann ‘lòt’ la se on lòt timoun, on ti frè osnon on ti sè manman l pral ba li. Men se pa toujou konsa sa pase lè nou tande mo ‘lòt’ la. ‘Lòt’ gen konpayèl ki mache avèk li.
‘Lòt’ kanpe anfas ‘youn’, konmkwa li te opozan l. Epoutan ni youn ni lòt pa ka kanpe pou kont yo. Idantite yo makònen. Sosis yo mare. Lè on bòs chapant gen plizyè nan on zouti, ann di mato, ann sipoze tou mato sa yo pa depaman youn ak lòt, epi bòs la vin ap chache youn ladan yo tankou zepeng ti tèt, bòs la ap deklare li pa wè youn menm ladan yo. Si se te de mato sèlman li te genyen, li ta rele yo ‘youn’ ak ‘lòt’, san se pa mete li vrèman mete etikèt (ki make mo ‘youn’ ak ‘lòt’) sou yo. Kidonk, li pa pral di sa a rele ‘youn’, sa a rele ‘lòt’. Men lè l ap idantifye yo, lè l t ap chache yo, epi je l vin tonbe sou yo, li kapab di “Men youn! Men lòt la!” osnon “Men youn nan tèl pozisyon! Men lòt la la a!”
Idantifye lòt se toujou on gwo operasyon. Lòt bay lide ‘diferan’, ‘pa menm’, ‘pa sanble’ avèk. Kidonk se pa sèlman lòt la ou ap idantifye, se ‘lòt la pa rapò avèk’, se ni youn ni lòt ou ap idantifye nan menm operasyon an. Nou dakò se pa on operasyon ki senp: montre sou ki baz de moun, de bagay diferan mande anpil triyay, anpil dekoupe, anpil etikèt, anpil klasman. Si ou al nan on biwo on jou, ou wè on moun, ou pale avèk li, li ba ou randevou pou ou retounen vin wè l nan on semèn; epi lòt semèn lan, ou rive nan biwo a, epi selon sa je ou ba ou, moun ou te wè fwa pase a pa sanble se li menm ou wè ankò, se on lòt moun ou wè… Èske se vre se on lòt moun? Ki sa k fè li sanble on lòt moun? Idantifye konn glise byen dous rive sou diskriminasyon.
Semèn pwochèn, n ap eseye antre on ti jan pi fon nan pawòl ‘lòt’ la. Dèfwa yon konn vle ban nou Nanna pou Sizann, yo konn ofri nou ‘menm lan’ pou on lòt. Fò n toujou gen lespri prezan pou n mande: “De ki lòt ou ap pale?”

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com

Leave a comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *