• " "
Uncategorized

“Se tankou tout peyi a nèt te an pàn!”

“Monchè, sa m te al regle a, m tounen san m pa regle l. Pou jan ou konnen nèg debouyè, pa t gen mwayen menm. Deja pou youn, jij la pa t la—pyès moun pa t konn kote l te ye. M tande se pa premye fwa jij yo disparèt konsa nan on dosye, sitou lè se pa on afè gwo kòb. Apre sa, tout mouvman m te bloke nèt, paske machin mwen te vin pran pàn. Menm on ban zanmi m, m te ka rele pou l fè woulman monte desann avè m, telefòn li an pàn. Tout sa m fè nèt, se mouvman nil: toujou gen on bagay ki bloke m. Lè se pa trasnfòmatè ki an pàn pou lakòz pa gen kouran pou m ka fè fotokopi kèk dokiman m bezwen, se on kouri ki genyen paske gen on vòlè nan zòn lan lapolis dèyè l. Pou byen di ou, vye nèg, jan m wè bagay la, se tankou tout peyi a nèt te an pàn.”

Sa a se pawòl m tande nan bouch on lamitye ki sot Ayiti, k ap esplike on bon zanmi l kouman sa te pase. Rezon ki fè m plis enterese ekri kwonik sa a, se lide ‘se tankou tout peyi a nèt te an pàn’ lan. Se pa on pawòl ki sonnen byen menm, sitou nan moman sa a, nan moman gen plizyè rapò ki soti sou Ayiti, rapò ki fè anpil machwè gonfle, paske se sa k pa bon sèlman, sa k pa p mache ditou nan peyi a, y al chache pou yo montre. Men, babye yanm, babye tè, pyès moun pa ka akize sitwayen ki t ap pale a konmkwa se vèni li t ap vèni Ayiti. Daprè sa m konprann, apatid reyaksyon divès moun ki te la, sitwayen sa a pa janm fè twa mwa san l pa fè on koutpye lakay. Kidonk se pa touris Ayisyen ki fin depeyize nan peyi blan, k al fè on touche tounen pou l bwè gwòg li ann Ayiti, epi k ap vin di yo pa konprann anyen nan peyi a.

Nenpòt nan nou menm nan Dyaspora a, ki konnekte sou entènèt ak radyo ki ann Ayiti, kapab tande ak de zòrèy li jan moun k ap viv lòtbò a di lavi a ye. Tankou nan segman “Fè a siyale”, 8:15 pou 8:45, emisyon Maten Karayib, sou Radyo Karayib, n ap kapab tande oditè k ap rele pou rapòte telefòn yo ki an pàn depi syèk dizan alòke yo kontinye ap peye bòdwo chak mwa; tiyo ki pa menm fè rimaj degoute dlo, depi jou konpayi a te fin enstale li a; transfòmatè ki an pàn, lage tout on zòn san kouran lajounen kou lannuit; tou rego ki pèdi kouvèti l depi dènye gwo lapli a, ki vin tounen on touhing pou manje moun k ap pase, pou rale kawotchou machin ki fè bitay… Wi, si n pran tan pou n koute, n a konstate gen anpil bagay ki an pàn!

Premye souvni pàn m gen nan tèt mwen, se souvni pàn kawotchou bisiklèt. Depi lè m te konn ap aprann fè zi-kap anba kad, bekàn te konn ap pran pàn nan men m. Yo te toujou di m fò m pa janm woule bekàn mwen sou jant. (Lè sa a, m po t ko ka konprann si pi devan m te pral fè konnesans lapawoli ‘sou jant’ on moun gendwa sèvi pou l di sa pa bon menm, li san senk, se kourandè k ap pase nan pòch li.) Sèl bagay, m pa t gen tèt di. Lè m al bay leve pàn lan, yo wè se on klou gagit ki te lemante kawotchou bisiklèt la. Apre yo fin patche chanm lan osnon vesi a, yo ba l van ak on ti ponp a men. Lapè reye. Pa gen pàn, asosye. De kout demi-pedal, zi-kap, zi-kap, tout peyi pre! Chofè tèt mato, men klou!

Lè m ap tande ‘Le Coralin du célibataire’, on pyès Siksto, epi m rive nan pati deblozay la, pati kote chofè kamyon an oblije al bat pòt lakay li nan lè madanm li pa t atann li t ap vini, akòz kamyon an pran on pàn awozin, imaj ki monte nan tèt mwen, se imaj kamyon ki kole nan labou Karannkat, sou wout Sid la: se on espektak pou moun wè: madan sara kou travayè mete pye yo nan dlo, kidonk nan labou, pou yo pouse kamyo an; se imaj tou mekanisyen nan ri Chareron, ki kouche anba machin ki monte sou kat blòk paske kit gen djak kit pa gen djak, fò travay la fèt…

Lòt souvni ki donnen nan tèt mwen tou sou kesyon an pàn lan, se souvni batiman, souvni motobòt k ap fè trajè Jeremi-Pòtoprens ki an pàn sou dlo. “Lafranchi pa p antre jodi Vandredi a, li an pàn motè. Amatè a oblije antre Ansavo/Titwoudenip avèk li. Yo voye chache pyès la Pòtoprens.” Pa gen moun ki konnen ki lè Lafranchi ap antre. Pètèt tout pwovizyon yo t ap pote pou nou yo, sitou pen tranche kay Morèl ak fomay tèt mò, ka gentan fini; pètèt tout mango Fransik yo gendwa gentan fin pouri.

Pi devan, apre on bann tan, nan bat bouch mwen nan koze politik, m vin aprann anpil nan nèg k ap fè abi pouvwa yo, makout, choukètlawouze, militè, chèfseksyon, minis, depite, direktè Ladwann, pèseptè Kontribisyon, ap gen pou yo an pàn chèf, on jou kanmenm. Lè ou an pàn chèf, ou nan pwoblèm. Si se chèf la ki fè ou te panse ou te on bagay, san ou pa t janm konnen sa ou te ye anvan ou te chèf la, ou chaje ak pwoblèm. Lè ou an pàn chèf, ou a pye; se tankou yo te plat kat kawotchou ou, lage ou sou jant. Lè konsa, moun ou te konn ap egzèse chèf ou sou yo a, yo gendwa kanpe ap tann ou nan kafou tenten pou yo griyen dan yo sou ou, nan kafou pwennfèpa pou yo tire revanj yo sou ou.

Tout pàn se pàn, men tout pàn pa menm. Lè on peyi an pàn, se pa on pàn teknik: se on pàn moun!

Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan [email protected]

Haitian Times

Haitian Times

The Haitian Times was founded in 1999 as a weekly English language newspaper based in Brooklyn, NY.The newspaper is widely regarded as the most authoritative voice for Haitian Diaspora.
Haitian Times
May. 05, 2012

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *