De premye kwonik nan seri “Chalmas! Ala kote gen koze!” a se on travay satiyèt memwa apatid pyès Siksto ki pale de Channmas—Gwo Moso, Mèt Zabèlbòk Bèrachat, Ti Kam, Depès. Men, etan memwa m te pati nan vwayaj sa a, lespri m pa t ka pa kapte son aktivite Channmas jounen jodi a, radyo ann Ayiti ap pote ban mwen. M pouse kiryozite m pi lwen, m al chache tèks ekri; e m jwenn—‘Jan chache, Jan twouve’! Nan sit entènèt jounal ‘Le Nouvelliste’, lè m tape ‘Champ-de-Mars’, m jwenn de (2) atik ki enterese m, yo tou le de pote dat 12 mas 2010, kidonk dezyèm mwa depi tranblemanntè a. Youn se “Chronique d’une folie incrustée” (Kwonik on foli ki kuit nan san nou), ki parèt anba plim Gari Viktò (Gary Victor); lòt la se: “Vivre en dépit de tout” (Fò yo viv malgre tout bagay), ki parèt anba plim Mari Brinèt Britis (Marie Brunette Brutus) ak Wobèsonn Alfons (Roberson Alphonse).
Nan atik Gari Viktò a, nou jwenn on aspè Channmas la apre 12 janvye, on moun ki pa jamè dodo, ki pa bèt seren—menm jan ak on polis, on mizisyen, on ekriven, on atis, on bwesonyè, on poul minui, on tchoul, on fouyapòt—pa ka konnen. Fò n di tou, nou pa gen okenn mwayen konparezon, nou pa gen okenn tèks Siksto te kite pou nou ki pou ta pèmèt nou pi byen konprann kout kamera apre 12 janvye a. Gari Viktò ekri, an franse (men m pran libète granmoun mwen pou m tradui, adapte, trayi), “Channmas, lannuit, ap bouyi tankou on lakou Vyèj Mirak. Se on bagay pèkmèl, tankou nan fèt chanpèt, kote soufrans ak lawonte disparèt nan on kole sere avèk fènwa lannuit. Konmès la ap mache, y ap vann tout kalite pwodui, kit li te fre, kit li te dòmi leve; kit li te natirèl, kit li te nan konsèv. Yo vann ni pase sou dife ni boukannen, tou sa nan yon anbyans sant pise, yon anbyans santòs movèz odè, ki pa deranje nen nou akòz nou tèlman fin abitye ak pouriti koripsyon. Gen moun ki al Channmas la, se pou jan de anbyans sa a menm, yon anbyans ki gen koulè lafendimonn, men kòm moun ki fanatik dezòd, jan de anbyans konsa fè nou chofe.”
Lòt atik la, se Channmas menm l ap dewoule. Lè de mesyedam yo, yon fotograf ak yon jounalis, poze kesyon : « Kote nou ye de mwa apre tranblemanntè a ? », repons lan te klè : se Channmas pou yo te al fè on bwèlta pou yo te ka reponn kesyon an. Channmas: youn nan kan kote moun al rete depi apre 12 janvye! Tankou yo di, lè ou ap mache pou ou al Channmas, se movèz odè a ki frape ou—movèz odè a ansanm ak fèy tòl, moso katon, ki sèvi tant.
De mesyedam yo ap vizite. Yo te kòmanse vandredi 5 mas, tan an te an demwazèl. Nan palmante sou ki jan pou yo kòmanse ankèt la, yo remake on tigason ki chita sou on twalèt mobil, ap okabine. Tigason an te pè fèmen pòt la pou sizoka « Bagay la t ap pase », tankou on sententewonp, pou l te ka kouri, met zèl nan do l, met van nan vwèl li. Pa lòt bò lari a, yo remake on fanm k ap benyen devan tout moun, ak kilòt li sou li, kidonk prèske toutouni. Se 2 premye foto ki te nan kamera fotograf la.
Sou Plas Petyon, gen on madanm k ap prepare on espageti pou l bay on ekip timoun k ap mache toutouni. Dapre sa madanm lan di, li nan zòn lan depi le douz janvye, e pyès moun, ni gouvèlman ni ONG, pa fè pyès jès avèk li… Zòn sa a rele Nouyòk. Pou ki rezon, pyès moun pa konnen… Men Plas Petyon chaje lòt katye: Oliwoud, Bouklin, Petyonvil, Boudon, Ri Sen Michèl, Jamayik (on zòn ki chaje rasta…)
Plas Petyon chaje aktivite. Gen tant, kidonk yo resevwa èd tou, yo pa fouti plede. Plas Petyon, lavi a ap kontinye: timoun ap jwe, y ap tande grap betiz, yo temwen tout move aksyon, menm gason k ap kale fi…
Sou Channmas, de mesyedam yo sanble yo sezi, gen tout kalite bagay. Gen katye, paske gen moun: moun pa fonksyone san yo pa idantifye diferan bòn nan milye kote yo ye a. Gen bank bòlèt, gen machann manje, gen glasyè k ap founi byè ak kola, gen pwopriyetè pwovizwa k ap lwe abri pwovizwa. Pètèt bay on malerèz k ap ofri on detant pou l defann on lamanjay.
Mouche Leta pa sanble li ko di pyès moun anyen. Tout moun ap dòmi anba tant ki ka twonpe solèy, men ki pa ka twonpe lapli—lè l fè lapli lannuit, tout moun dòmi kanpe… Vwzinay yo menm kontinye ap twoke plat, nan bon jan tradisyon lontan, tradisyon solidarite: Madan Gabriyèl di: ”Si youn pa bouyi, nou voye ba li.”
Men on dezyèm kout flach—m ta dwe di on kout kamera—mesyedam yo ban nou nan lendi 8 mas, nan zòm 10 è di swa. Li te gentan fènwa depi lontan. Tankou yon ekip foumi, gen moun k ap chache wout kay yo, alòske gen lòt k ap trennen zèl yo, nan jwe domizo nan lanp tèt gridap.
Gen on ti ba restoran, ou ta di Kay Ti Dòk sou Granri, ansyen tan, k ap grennen mizik. Medam yo la tou: minijip, san ba gogo, tèt lonbrit deyò. On kout je, on souke tèt, de moun konprann, pawòl pa soufri: youn suiv lòt, tout bagay mache. Epi tou, si ta gen okenn deblozay, tchoul yo la, se wòl yo, pou defann enterè medam yo, pou lèt kaye pa kase tèt yo.
Tout kalite machann la, ap eseye defann on lavi miyò nan mitan lannuit lan. Lapolis la tou, li menm, ap fè patwouy, veye magouy. Tout bagay ap mache sou Channmas. Tout moun adapte yo. Tout moun konfòme yo. 12 janvye pase, men fò n kontinye viv—malgre tout pwoblèm, malgre tout bagay!
Mezanmi, eta Channmas la se youn, men sa k pi grav la se mantalite san dous nou genyen k ap kraze nou an, on mantalite ki pèmèt pwovizwa tounen pèmanan—san sa pa deranje pyès moun!
Kontakte Wozvèl Jan-Batis nan rorojb@netzero.com