“Se on bagay ki tris wi, mezanmi, pou yon ekip gran jakèt kanpe ap fè literati toujou sou do pèp sa a ki soti anba dekonm depi le 12 janvye, e ki jis jounen jodi a ap viv anba tant toujou! Si 12 ja...
Nan ekip “pawòl reflechi” moun ap fè deba sou yo apre 12 janvye a, nou jwenn kesyon non lang tout Ayisyen alawonnbadè pale a: “kreyòl” osnon “ayisyen”? Se pa on kesyon ki fenk parèt: li la depi bye...
12 janvye 2010 – 12 jen 2010: sa ap kouri sou 5 mwa osnon sa gentan gen 5 mwa—sa depan ki lè n ap li kwonik sa a. 5 mwa depi nou te frape. 5 mwa depi nou te pran on pataswèl desounen. Sa k ret viv...
Èske Prezidan an dedi? (3) Gen on sitwayen ki fè m remake, sou fòm repwòch, m po ko antre anndan vant mo ‘dedi’ a; li sispèk mo a gendwa gen vire tounen ladan l anpil moun ka pa fin konprann. Abitid se vis! Se vre m toujou ...
Èske Prezidan an dedi? (2) Pandan wikenn lan, m te gen chans pou m li, pou m tande tou, on pakèt kòmantè sou sa k ap pase konnye a ant Prezidan Preval ak klas politik la ann Ayiti. M rive konprann—daprè esplikasyon Senatè ...
Èske Prezidan an dedi? (1) Mèkredi 9 septanm 2009, etan prezidan Obama te devan depite ak senatè yo nan Kongrè a, ap fè on diskou sou refòm nan sistèm asirans sante, nan moman li rive nan pati kote l ap di moun ki ilegal na...
Ki kote konsyans nou ye? Apre Sena ayisyen an fin vote, jedi 15 avril 2010, lwa sou etadijans lan, gen on sèl pawòl koripsyon ki gaye nan radyo—konmkwa ta gen 3 senatè ki ta resevwa kòb pou yo ta vote lwa a. Sa k pi grav ...
“Chalmas! Ala kote gen koze!”: On Channmas pwovizwa? Nostalji Channmas la antre sou mwen, sa fè 4 semenn. Nan on premye tan, m te eseye geri bosko m sou kat (4) pyès Siksto ki konsantre sou Channmas osnon ki pale de Channmas. Men reyalite nouvèl m ap...
De premye kwonik nan seri “Chalmas! Ala kote gen koze!” a se on travay satiyèt memwa apatid pyès Siksto ki pale de Channmas—Gwo Moso, Mèt Zabèlbòk Bèrachat, Ti Kam, Depès. Men, etan memwa m te pat...
Lè ou pran pawòl nan bouch moun ki sot Ayiti, gen yon grenn enpresyon ki rete nan tèt ou: Channmas ou te konnen lontan an pa egziste jodi a. Se on lòt Channmas. Se pa Channmas kalfou plizyè chemen...
Anvan 12 janvye, chak kwonik m ekri te konn baze sou yon pretèks m al chache nan tèks pawòl chante, pawòl pale oubyen pawòl ekri, osnon m konn al ranmase pretèks la dirèkteman anba bouch—kit se te...
Semenn sa a nou rive sou dènye “re-” ki nan tit seri a: “refonde”. Nan ‘rebati’ ak ‘rekonstwi’, pa gen pwoblèm pou nou idantifye 2 pati nan chak mo: ‘re + bati’ ak ‘re + konstwi’. ‘Re-’ se yo...
Entansyon m nan seri sa a, se gade diferan pawòl an re- (nou poko ka di si se re-majè osnon re-minè) gouvènman ayisyen an, kominote entènasyonal la, gwoup moun ki di yo nan klas politik la ak sa y...
Gen anpil blag k ap fèt sèjousi, blag sou lavi ann Ayiti, blag sou lavi Ayisyen depi tranblemanntè a. Blag moun ki anba tant nan kan, nan diferan zòn Pòtoprens, Leyogàn, Jakmèl… Blag moun nan lòt z...
Tit premye kwonik nan seri ‘Nou frape!’ a se te ‘Tèt mwen anboulatcha…’. Se te premye reyaksyon m apre tranblemanntè a—tranblemanntè nou konnen an, ki te fèt le 12 janvye 2010, a 4 è 53 minit 10 s...
Depi dat 12 janvye a, m pase anpil tan ap tande radyo pou m ka suiv enfòmasyon sou sa k ap pase lakay, ki jan sa ap pase—ki moun k ap fè ki sa? ak ki moun? kouman y ap fè l? pou ki sa? nan ent...
M rive nan dènye bout pelerinaj mwen, pelerinaj nan teritwa memwa m, kòm ansyen etidyan nan Fakilte Lengwistik Aplike—FLA, jan yo rele l jodi a. Se on pelerinaj pou m al rankontre ak souvni p...